MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

2 Kwonik Capítulo 27

Haitian Contemporary Version

1 Jotam te gen vennsenkan lè li moute wa peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan. Manman l te rele Jewoucha. Se te pitit fi Zadòk.
2 Jotam te fè sa ki dwat devan Senyè a, tankou Ozyas, papa l, te fè. Tansèlman, li pat janm mete pwent pye l nan Tanp lan. Pèp la menm te toujou ap fè vye sèvis li yo.
3 Se Jotam ki te bati Pòtay Nò Tanp Senyè a. Li fè anpil travay nan miray lavil la nan zòn yo rele Ofèl la.
4 Li bati anpil lavil nan mòn peyi Jida a. Li bati gwo fò ak fò won nan tout rakbwa yo.
5 Li fè lagè ak wa peyi Amon an. Li bat li. Lanne sa a, moun peyi Amon yo ba li twamiltwasan (3.300) kilo ajan, senkantmil (50.000) barik ble ak senkantmil barik lòj. Pandan dezan apre sa, yo ba li menm kantite a chak lanne.
6 Jotam te vin gen anpil pouvwa, paske li te mache dwat devan Senyè a, Bondye li a.
Referências cruzadas
2Cr 26:5 2Cr 19:3
7 Tout rès istwa Jotam lan, tout lagè li te fè, tou sa li te reyalize, nou jwenn sa ekri nan liv Istwa wa peyi Izrayèl ak wa peyi Jida yo.
8 Li te gen vennsenkan lè li moute wa nan peyi Jida. Li gouvènen nan lavil Jerizalèm pandan sèzan.
Referências cruzadas
2Cr 27:1
9 Lè Jotam mouri, yo antere l nan lavil David la. Se Akaz, pitit li, ki moute wa nan plas li.
Referências cruzadas
2Rs 15:38

Referenciado por 9

Referências cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0

Versículo do Dia

"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Salve seus versículos, junte-se à sua congregação

Cadastre-se grátis arrow_forward
auto_stories

Crie uma conta grátis para salvar versículos

Cadastrar