Jòb Capítulo 25
Haitian Contemporary Version
1
Bildad, moun lavil Chwa a, pran lapawòl, li di konsa:
2
— Bondye se chèf. Li fè tout moun respekte l. Li fè tout moun nan peyi ki nan syèl la viv ak kè poze.
3
Ki moun ki ka konte kantite zanj k'ap sèvi l? Pa gen kote limyè Bondye a pa klere.
4
Atò, moun ka konprann yo gen rezon devan Bondye? Pitit fanm pouse met atè ka san repwòch devan li?
5
Nan je Bondye, menm lalin lan pa klere ase. Pa gen yonn nan zetwal yo ki bon nèt pou li.
6
Alewè pou moun! Yo tankou vètè! Kisa yo vo devan Bondye?
Referências cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0
Versículo do Dia
"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."
— Salmo 119:105
Ver versículo completo →Salve seus versículos, junte-se à sua congregação
Cadastre-se grátis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol