MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Neyemi Capítulo 7

Haitian Contemporary Version

1 Lè nou te fin rebati miray la, nou moute gwo batan pòtay yo. Nou bay gad Tanp yo, moun k'ap chante yo ak moun Levi yo travay yo gen pou yo fè.
2 Mwen mete de moun reskonsab pou gouvènen lavil Jerizalèm lan. Se te Anani, frè mwen an, ak Ananya, kòmandan gwo fò a. Ananya sa a te yon nonm serye ki te gen krentif pou Bondye. Pat gen tankou l.
3 Mwen di yo pa kite yo louvri pòtay lavil Jerizalèm yo nan maten toutotan solèy la pa konmanse cho. Konsa tou, aswè se devan yo pou yo fè fèmen batan pòtay yo epi pou yo mete ba yo dèyè pòtay yo anvan gad yo leve pòs lè solèy pral kouche. Y'a chwazi kèk moun nan moun ki rete lavil Jerizalèm yo, yon seri pou fè pòs sou miray la, yon lòt pou fè patwouj bò lakay yo.
4 Lavil la te gran anpil, te gen anpil espas, men pat gen anpil moun ki t'ap viv ladan l. Yo pat ankò rebati anpil kay.
Referências cruzadas
Mt 6:33 Is 58:12 Ag 1:4-6
5 Bondye mete nan tèt mwen lide pou m sanble tout pèp la ak chèf yo, majistra yo, pou m fè yon resansman, fanmi pa fanmi. Nal tonbe sou ansyen rejis resansman premye moun ki te tounen nan peyi a. Nan rejis sa a m te jwenn
6 lis moun ki te kite pwovens Babilòn pou yo tounen lavil Jerizalèm ak nan peyi Jida, chak moun nan lavil kote yo te moun. Se moun sa yo wa Nebikadneza te fè depòte nan peyi Babilòn.
7 Men non chèf ki te vin ak yo: Zowobabèl, Jozye, Neyemi, Azarya, Ramiya, Nachamani, Madoche, Bilchan, Misperèt, Bigwayi, Nawoum ak Bana. Men lis moun nan pèp Izrayèl la, fanmi pa fanmi, ak kantite moun nan chak branch fanmi:
8 Nan fanmi Pareòch yo, demil sanswasanndouz (2.172) moun,
9 nan fanmi Chefatya yo, twasanswasanndouz (372) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:4 Ed 8:8
10 nan fanmi Arak yo, sisansenkannde (652) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:5 Ne 6:18
11 nan fanmi Pakat-Mowab yo, pitit pitit Jechwa ak Joab, demil witsandizwit (2.818) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:6 Ne 10:14 Ne 8:4
12 nan fanmi Elam yo, mil desansenkannkat (1.254) moun,
Referências cruzadas
Ed 8:7 Ed 2:7 Ed 10:26
13 nan fanmi Zatou yo, witsankarannsenk (845) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:8
14 nan fanmi Zakayi yo, sètsanswasant (760) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:9
15 nan fanmi Bennwi yo, sisankaranntwit (648) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:10
16 nan fanmi Bebayi yo, sisanvenntwit (628) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:11
17 nan fanmi Azgad yo, demil twasanvennde (2.322) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:12
18 nan fanmi Adonikam yo, sisanswasannsèt (667) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:13
19 nan fanmi Bigwayi yo, demil swasannsèt (2.067) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:14
20 nan fanmi Aden yo, sisansenkannsenk (655) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:15
21 nan fanmi Atè yo, katrevenndizwit moun (anvan sa, Atè te rele Ezekyas),
Referências cruzadas
Ed 2:16
22 nan fanmi Achoum yo, twasanvenntwit (328) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:19
23 nan fanmi Betsayi yo, twasanvennkat (324) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:17
24 nan fanmi Arif yo, sandouz (112) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:18
25 nan fanmi Gabawon yo, katrevennkenz moun.
Referências cruzadas
Ed 2:20
26 Men lis moun ki te tounen dapre non lavil kote yo moun: Pou lavil Betleyèm ak pou lavil Netofa, sankatrevenntwit (188) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:21-22
27 pou lavil Anatòt, sanvenntwit (128) moun,
28 pou lavil Azmavèt, karannde moun,
Referências cruzadas
Ed 2:24
29 pou lavil Kiriyat-Jearim, lavil Kefira ak lavil Bewòt, sètsankaranntwa (743) moun,
30 pou lavil Rama ak pou lavil Geba, sisanventeyen (621) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:26 Js 18:24-25
31 pou lavil Mikmas, sanvennde (122) moun,
32 pou lavil Betèl ak pou lavil Ayi, sanvenntwa (123) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:28 Js 8:9 Js 8:17
33 pou lavil Neba, senkannde moun,
Referências cruzadas
Ed 2:29
34 pou lòt lavil Elam lan, mil desansenkannkat (1.254) moun,
Referências cruzadas
Ne 7:12 Ed 2:31
35 pou lavil Arim lan, twasanven (320) moun,
Referências cruzadas
Ed 10:31 Ed 2:32
36 pou lavil Jeriko yo, twasankarannsenk (345) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:34
37 pou lavil Lòd ansanm ak pou lavil Adid ak Ono, sètsanventeyen (721) moun,
38 pou lavil Sena, twamil nèfsantrant (3.930) moun.
Referências cruzadas
Ed 2:35
39 Men lis prèt ki te tounen, dapre non fanmi yo: Nan pitit Jedaja ki te sòti nan branch fanmi Jozye a, nèfsanswasanntrèz (973) moun,
Referências cruzadas
Ed 2:36 1Cr 24:7-19
40 nan pitit Imè yo, mil senkannde (1.052) moun,
Referências cruzadas
1Cr 24:14 Ed 2:37
41 nan pitit Pachou yo, mil desankarannsèt (1.247) moun,
42 nan pitit Arim yo, mil disèt (1.017) moun.
Referências cruzadas
1Cr 24:8 Ed 10:31 Ed 2:39
43 Men lis moun Levi ki te tounen yo: Te gen swasannkatòz moun nan pitit Jechwa ak pitit Kadmyèl ki sòti nan branch fanmi Odva a.
Referências cruzadas
Ed 2:40 Ne 3:9
44 Te gen sankaranntwit (148) sanba, moun ki konn chante ak moun ki konn fè mizik nan Tanp lan, epi ki sòti nan branch fanmi Asaf la.
Referências cruzadas
Ed 2:41 1Cr 25:2
45 Te gen santranntwit (138) moun ki pou sèvi gad nan pòtay Tanp lan epi ki sòti nan branch fanmi Chaloum, branch fanmi Atè, branch fanmi Talmon, branch fanmi Akoub, branch fanmi Atita ak branch fanmi Chobayi.
Referências cruzadas
1Cr 26:1-32 Ed 2:42
46 Men lis moun yo te bay pou travay nan Tanp Bondye a, epi ki te tounen nan peyi a. Se moun fanmi Zika, moun fanmi Asoufa ak moun fanmi Tabayòt,
47 moun fanmi Kewòs, moun fanmi Sya ak moun fanmi Padon,
Referências cruzadas
Ed 2:44
48 moun fanmi Lebana, moun fanmi Agaba ak moun fanmi Samayi,
Referências cruzadas
Ed 2:45-46
49 moun fanmi Anan, moun fanmi Gidèl ak moun fanmi Gaka,
50 moun fanmi Reaja, moun fanmi Rezin ak moun fanmi Nekoda,
51 moun fanmi Gazam, moun fanmi Ouza ak moun fanmi Paseyak,
Referências cruzadas
Ed 2:49
52 moun fanmi Besayi, moun fanmi Meounim ak moun fanmi Nefichim,
Referências cruzadas
Ed 2:50
53 moun fanmi Bakbouk, moun fanmi Akoufa ak moun fanmi Awou,
54 moun fanmi Baslou, moun fanmi Mechida ak moun fanmi Acha,
Referências cruzadas
Ed 2:52
55 moun fanmi Bakòs, moun fanmi Sizera ak moun fanmi Tamak,
Referências cruzadas
Ed 2:53
56 moun fanmi Nezyak ak moun fanmi Atifa.
57 Men lis non moun nan branch fanmi domestik Salomon yo ki te tounen nan peyi a: Moun fanmi Sotayi, moun fanmi Asoferèt ak moun fanmi Perida,
Referências cruzadas
Ed 2:55 Ne 11:3
58 moun fanmi Jaala, moun fanmi Dakon ak moun fanmi Gidèl,
Referências cruzadas
Ed 2:56
59 moun fanmi Chefatya, moun fanmi Atil, moun fanmi Pokerèt, moun fanmi Azebayim ak moun fanmi Amon.
Referências cruzadas
Ed 2:57
60 Konsa, men kantite moun ki sòti nan fanmi travayè Tanp lan ak domestik Salomon yo: antou twasankatrevenndouz (392).
Referências cruzadas
Ed 2:58
61 Men te gen yon seri moun ki sòti nan lavil Tèl Melak, lavil Tèl Acha, lavil Kewoub Adan, ak lavil Imè nan peyi Babilòn epi ki te moute ak tout moun sa yo, atout yo pat ka rive fè konnen non zansèt yo ak non fanmi yo pou yo te ka fè wè yo fè pati pèp Izrayèl la vre.
Referências cruzadas
Ed 2:59
62 Se te pitit Delaja, Tobija ak Nekoda: antou sisankarannde (642).
Referências cruzadas
Ed 2:60
63 Konsa tou, pami prèt yo te gen moun fanmi Obaja, Akòs ak Bazilayi. Zansèt moun Bazilayi sa yo te marye ak yon fanm nan fanmi Bazilayi, moun Galarad. Se konsa yo te pran non papa manman yo.
64 Moun sa yo pat ka jwenn rejis pou moutre ki moun ki zansèt yo. Konsa yo pat asepte yo pou prèt.
65 Gouvènè jwif la te di yo yo pat kapab manje nan manje yo mete apa pou Bondye a toutotan pat gen prèt ki konn sèvi ak Ourim yo ansanm ak Tourim yo pou wè sa Bondye di nan sa.
66 Antou nèt, te gen karanndemil twasanswasant (42.360) moun ki tounen sòti nan peyi kote yo te depòte yo a.
Referências cruzadas
Ed 2:64
67 Avèk yo te gen sètmil twasantrannsèt (7.337) gason ak fanm ki te sèvi yo domestik. Te gen tou desan (200) gason ak fanm ki te konn fè mizik ak konn chante.
Referências cruzadas
Ed 2:65 Is 45:1-2 Jr 27:7
68 Te gen sètsanswasannsis (766) chwal, desankarannsenk (245) milèt,
Referências cruzadas
Ed 2:66-67
69 katsantrannsenk (435) chamo ak simil sètsanven (6.720) bourik.
70 Te gen kèk chèf ki te fè ofrann pa yo pou travay la san pèsonn pa fòse yo. Gouvènè a te bay pou mete nan kès la desanswasanndis (270) ons lò, senkant gwo plat pou sèvis, senksantrant (530) rad pou prèt yo mete sou yo ak onzmil sisankatrevenntrèz (11.693) ons ajan.
71 Chèf fanmi yo te bay pou mete nan kès la pou fè travay la: senkmil katsan (5.400) ons lò ak senkanteyenmil katsansenkant (51.450) ons ajan.
Referências cruzadas
2Co 8:12 Jó 34:19 Lc 21:1-4
72 Rès moun pèp la te fè anpil kado tou. Antou, yo te bay senkmil katsan (5.400) ons lò, karannsimil sètsanswasanndis (46.770) ons ajan ak swasannsèt rad pou prèt yo.
73 Prèt yo, moun Levi yo, gad pòtay Tanp yo, mizisyen yo ak anpil nan moun pèp Izrayèl yo ansanm ak travayè Tanp yo, wi tout pèp Izrayèl la al rete nan lavil kote yo moun.
Referências cruzadas
Ed 2:70-3:1

Referenciado por 7

Referências cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0

Versículo do Dia

"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Salve seus versículos, junte-se à sua congregação

Cadastre-se grátis arrow_forward
auto_stories

Crie uma conta grátis para salvar versículos

Cadastrar