MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

1 Kwonik Chapter 1

Haitian Contemporary Version

1 Adan te papa Sèt, Sèt te papa Enòch,
Cross-references
Gen 4:25-5:32 Luk 3:38
2 Enòch te papa Kenan, Kenan te papa Malaleyèl, Malaleyèl te papa Jerèd,
3 Jerèd te papa Enòk, Enòk te papa Metouchela, Metouchela te papa Lemèk,
4 Lemèk te papa Noye, Noye te papa Sèm, Kam ak Jafè.
5 Men non pitit Jafè yo: Gomè, Magòg, Madayi, Javan, Toubal, Mechèk ak Tiras.
6 Men non pitit Gomè yo: Achkenaz, Rifat ak Togama.
Cross-references
Gen 10:3
7 Men non pitit Javan yo: Elicha, Tasis, Kitim ak Wodanim.
8 Men non pitit Kam yo: Kouch, Mizrayim, Pout ak Kanaran. Se yo ki zanset moun ki pote non yo.
Cross-references
Gen 10:6-7
9 Men non pitit Kouch yo: Seba, Avila, Sabta, Rama ak Sabteka. Men non pitit Rama yo: Seba ak Dedan.
10 Kouch te papa Nimwòd ki te premye gwo chèf sou latè.
Cross-references
Gen 10:8-12 Mic 5:6
11 Mizrayim fè pitit. Se yo ki te zansèt moun peyi Lidi yo, moun Anam yo, moun Leyab yo, moun Naftou yo,
Cross-references
Gen 10:13-18
12 moun Patwous yo, moun Kaslou yo ak moun lil Kaftò yo. Se nan ras sa a moun Filisti yo sòti.
13 Men non pitit Kanaran yo: Sidon, premye pitit li ak Et. Se yo menm ki zansèt moun ki pote non yo.
14 Kanaran te zansèt moun Jebis yo, moun Amori yo, moun Gigach yo,
15 moun Evi yo, moun Aka yo, moun Sini yo,
16 moun Avad yo, moun Zema yo ak moun Amat yo.
Cross-references
Num 34:8 1Ki 8:65
17 Men non pitit Sèm yo: Elam, Asou, Apachad, Lidi, Aram. Men non pitit Aram yo: Ouz, Oul, Getè ak Mechèk. Se yo ki zansèt moun ki pote non yo.
18 Apachab te papa Chelak, Chelak te papa Ebè.
Cross-references
Gen 11:12-15 Gen 10:24
19 Ebè te gen de pitit gason. Yonn te rele Pelèg, paske sou tan li moun sou latè te divize yonn ak lòt. Lòt pitit Ebè a te rele Joktan.
20 Joktan te papa Almodad, Chelèf, Azamavèt, Jerak,
Cross-references
Gen 10:26-27
21 Adoram, Ouzal, Dikla,
22 Ebal, Abimayèl, Seba,
Cross-references
Gen 10:28
23 Ofi, Avila ak Jobab. Tout moun sa yo se pitit Joktan yo ye.
24 Sòti nan Sèm rive sou Abraram, nou jwenn Sèm, Apachad, Chelak,
Cross-references
Gen 11:10-26 Luk 3:34-36
25 Ebè, Pelèg, Reou,
Cross-references
Luk 3:35
26 Sewoug, Nakò, Terak
Cross-references
Luk 3:34-35
27 ak Abram ki te rele Abraram tou.
28 Abraram te gen de pitit gason: Izarak ak Izmayèl.
29 Pitit gason Izmayèl yo te vin zansèt douz branch fanmi: Se te Nebajòt, premye pitit Izmayèl la, Keda, Adbeyèl, Mibsam,
30 Michma, Douma, Masa, Adad, Tema,
Cross-references
Gen 25:15 Isa 21:11
31 Jetou, Nafich ak Kedma.
32 Abraram te gen yon lòt fanm kay ki te rele Ketoura. Ketoura sa a fè sis pitit gason pou li. Men non yo: Zimran, Joksan, Medan, Madyan, Jisbak ak Swak. Joksan te gen de pitit gason. Se te Seba ak Dedan.
33 Madyan te gen senk pitit gason. Se te Efa, Efè, Enòk, Abida ak Elda. Tout moun sa yo, se nan branch fanmi Ketoura a yo ye.
Cross-references
Isa 60:6
34 Izarak, pitit gason Abraram, te gen de pitit gason: Se te Ezayi ak Izrayèl.
35 Men non pitit Ezayi yo: Elifaz, Reouyèl, Jeouch, Jalam ak Kore.
Cross-references
Gen 36:9-10 Gen 36:4-5
36 Se Elifaz ki zansèt branch fanmi sa yo: Teman, Oma, Zefi, Gayetan, Kenaz, Timna ak Amalèk.
37 Reouyèl te zansèt branch fanmi sa yo: Naat, Zera, Chanma ak Miza.
38 Se Seyi ki zansèt premye moun ki te rete nan peyi Edon an. Men non pitit li yo: Lotan, Chobal, Zibeyon, Ana, Dichon, Ezè ak Dichan.
Cross-references
Gen 36:20-30
39 Men non pitit Lotan yo: Ori ak Oman. Lotan te gen yon sè ki te rele Timna.
40 Men pitit Chobal yo: Aljan, Manarat, Ebal, Chefi, Onam. Men non pitit Zibeyon yo: Aja ak Ana.
Cross-references
Gen 36:23-24
41 Ana te papa Dichon, Dichon te papa Amram, Echban, Jitran ak Keran.
Cross-references
Gen 36:25-26
42 Ezè te papa Bilan, Zavan ak Jakan. Dichan menm te papa Ouz ak Aran.
Cross-references
Lam 4:21 Gen 36:27-28
43 Men wa ki te gouvènen peyi Edon an, anvan te gen okenn wa nan peyi Izrayèl la. Premye a te Bela, pitit gason Beyò. Lavil kote li moun lan te rele Dinaba.
44 Lè Bela mouri, se Jobab, pitit gason Zerak, moun lavil Bozra, ki te gouvènen nan plas li.
45 Lè Jobab mouri, se Oucham, moun peyi Teman, ki te gouvènen nan plas li.
Cross-references
Job 2:11 Gen 36:11
46 Lè Oucham mouri, se Adad, pitit gason Bedad, ki te gouvènen nan plas li. Se Adad sa a ki te bat moun peyi Madyan yo nan plenn Mowab la. Yo te rele lavil kote li moun lan Avit.
47 Lè Adad mouri, se Samla, moun Masreka, ki te gouvènen nan plas li.
Cross-references
Gen 36:36
48 Lè Samla mouri, se Sayil, moun lavil Reyobòt bò larivyè Lefrat la, ki te gouvènen nan plas li.
Cross-references
Gen 36:37
49 Lè Sayil mouri, se Baalanan, pitit gason Akbò, ki te gouvènen nan plas li.
50 Lè Baalanan mouri, se Ada ki te gouvènen nan plas li. Yo te rele lavil kote li moun lan Payi. Madanm li te rele Metabèl. Se te pitit fi Matrèb, ki pou tèt pa l te pitit fi Mezarab.
Cross-references
Gen 36:39
51 Ada mouri. Apre sa, men non pitit Ezayi yo ki te chèf branch fanmi yo: Se te Timna, Alva, Jetèt,
Cross-references
Gen 36:40
52 Olibama, Ela, Pinon,
53 Kenaz, Teman, Mibza,
54 Masdiyèl, Iram. Se te non tout chèf peyi Edon yo sa.
Cross-references
Gen 36:41-43

Referenced by 6

Cross-references: OpenBible.info · CC BY 4.0

chevron_left Previous Chapter 1 / 29 Next Chapter chevron_right

Verse of the Day

"Your word is a lamp for my feet, a light on my path."

— Psalm 119:105

See full verse →

Save your verses, join your congregation

Sign up free arrow_forward
auto_stories

Create a free account to save verses

Sign up