Ezekyèl Chapter 15
Haitian Contemporary Version
1
Senyè a pale avè m ankò: Li di m konsa:
2
— Ras Adan! Kisa bwa rezen an genyen ki fè li pi bon pase bwa tout lòt pyebwa ou ka jwenn nan rak?
3
Eske li ka ba ou bwa pou fè anyen? Eske yo ka fè pikèt kwòk avè l pou pandye bagay?
4
Li ka sèvi pou limen dife ase. Dife a boule de bout li yo ansanm ak mitan an. Apre sa, ou pa ka fè anyen avè l ankò.
5
Li pa t'ankò boule, yo te tou pa ka fè anyen avè li. Koulyeya, dife fin boule li, se pi rèd ankò.
Cross-references
Jer 3:16
6
Se poutèt sa, men sa Senyè sèl Mèt la di: Menm jan yo pran yon bwa pye rezen nan mitan yon rakbwa, yo jete l nan dife pou boule l, se sa menm mwen pral fè ak moun lavil Jerizalèm yo.
7
M'ap kenbe tèt ak yo. Yo te chape anba dife a yon fwa, men se dife k'ap boule yo. Lè m'a kenbe tèt ak yo, n'a konnen se mwen menm ki Senyè a.
8
Yo twonpe m tankou yon fanm k'ap twonpe mari l. Se poutèt sa m'ap fè peyi a tounen yon dezè. Se mwen menm, Senyè sèl Mèt la, ki di sa.
Cross-references: OpenBible.info · CC BY 4.0
Verse of the Day
"Your word is a lamp for my feet, a light on my path."
— Psalm 119:105
See full verse →Save your verses, join your congregation
Sign up free arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol