MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Ezayi Chapter 12

Haitian Contemporary Version

1 Jou sa a, w'a pran chante: — M'ap fè lwanj ou, Senyè! Ou te move sou mwen. Men kounyeya, ou pa fache ankò. W'ap ban m kouray.
2 Se Bondye ki delivre m! Mwen gen konfyans nan li. Kè m pa kase ankò! Se Senyè a ki tout fòs mwen. Se pou li m'ap chante. Se li menm ki delivre m!
3 Menm jan kè pèp la kontan lè yo pral pran dlo nan sous, se konsa y'a kontan tou lè Bondye ap delivre yo.
4 Jou sa a, n'a chante: Ann di Bondye mèsi! Annou fè lwanj non li! Annou fè tout nasyon yo konnen sa li fè!
5 Chante pou Senyè a, paske li fè gwo mèvèy. Fè tout moun sou latè konn sa!
6 Nou menm ki rete sou mòn Siyon an, rele, fè fèt! Bondye pèp Izrayèl la se yon Bondye apa, li gen anpil pouvwa. Se nan mitan nou li rete.

Cross-references: OpenBible.info · CC BY 4.0

Verse of the Day

"Your word is a lamp for my feet, a light on my path."

— Psalm 119:105

See full verse →

Save your verses, join your congregation

Sign up free arrow_forward
auto_stories

Create a free account to save verses

Sign up