MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

1 Kwonik Capítulo 27

Haitian Contemporary Version

1 Men lis chèf fanmi pèp Izrayèl la ak kòmandan rejiman mil sòlda ak kòmandan divizyon san sòlda ansanm ak lòt anplwaye yo te konte ki t'ap sèvi ak wa a nan gouvènman li. Chak mwa nan lanne a te gen yon gwoup vennkatmil gason (24.000) ki te desèvis sou lòd yon chèf diferan.
2 Pou gwoup ki te desèvis pou premye mwa a, se Jachobeam, pitit gason Zabdyèl la, ki te chèf.
Referencias cruzadas
1Cr 11:11 2S 23:8
3 Se te yon moun nan fanmi Farèz. Li te kòmandan tout chèf lame ki te desèvis pou premye mwa a.
4 Pou gwoup dezyèm mwa a, se te Dodayi, moun lavil Akoa, ki te chèf. Li te gen Miklòt pou adjwen.
Referencias cruzadas
2S 23:9 1Cr 11:12
5 Pou gwoup twazyèm mwa a, chèf lame a te rele Benaja, pitit Jeoyada, granprèt la.
Referencias cruzadas
1Cr 18:17 1R 4:4-5
6 Benaja sa a te chèf trant pi vanyan sòlda yo. Apre li, se Amizabad, pitit gason l, ki te pran kòmandman gwoup la.
7 Pou gwoup katriyèm mwa a, se Azayèl, frè Joab la, ki te chèf. Apre li, se Zebadya, pitit li, ki te pran kòmandman an.
Referencias cruzadas
1Cr 11:26 2S 23:24 2S 2:18-23
8 Pou gwoup senkyèm mwa a, se Chamout, moun fanmi Izra, ki te chèf.
Referencias cruzadas
1Cr 11:27 2S 23:25 1Cr 26:29
9 Pou gwoup sizyèm mwa a, se Ira, pitit gason Ikèch, moun lavil Tekoa, ki te chèf.
Referencias cruzadas
1Cr 11:28 2S 23:26
10 Pou gwoup setyèm mwa a, se Elèz, moun fanmi Efrayim nan lavil Pelon, ki te chèf.
Referencias cruzadas
1Cr 11:27 2S 23:26
11 Pou gwoup uityèm mwa a, se Sibekayi, moun lavil Oucha, ki te chèf. Se yon moun fanmi Zera nan gwo branch fanmi Jida a.
Referencias cruzadas
2S 21:18 1Cr 11:29 Nm 26:20
12 Pou gwoup nevyèm mwa a, se Abyezè, moun lavil Anatòt nan branch fanmi Benjamen, ki te chèf.
Referencias cruzadas
1Cr 11:28 2S 23:27
13 Pou gwoup dizyèm mwa a, se Marayi, moun lavil Netofa nan fanmi Zera, ki te chèf.
Referencias cruzadas
1Cr 11:30 2S 23:28
14 Pou gwoup onzyèm mwa a, se Benaja, moun lavil Piraton nan zòn ki pou branch fanmi Efrayim lan, ki te chèf.
Referencias cruzadas
1Cr 11:31 2S 23:30
15 Pou gwoup douzyèm mwa a, se Eldayi, moun fanmi Otnyèl nan lavil Netofa, ki te chèf.
16 Men non chèf ki te reskonsab douz gwo branch fanmi pèp Izrayèl la: Pou branch fanmi Riben lan, se te Elyezè, pitit gason Zikri. Pou branch fanmi Simeyon an, se te Sefatya, pitit gason Maka.
17 Pou branch fanmi Levi a, se te Asabya, pitit gason Kemwèl. Pou branch fanmi Arawon an, se te Zadòk.
18 Pou branch fanmi Jida a, se te Eliyou, yonn nan frè David yo. Pou branch fanmi Isaka a, se te Omri, pitit gason Mikayèl.
Referencias cruzadas
1S 17:29 1S 16:6 1S 17:13
19 Pou branch fanmi Zabilon an, se te Ismaja, pitit gason Obadya. Pou branch fanmi Neftali a, se te Jerimòt, pitit gason Azriyèl.
20 Pou branch fanmi Efrayim lan, se te Oze, pitit gason Azazya. Pou mwatye branch fanmi Manase a, se te Jowèl, pitit gason Pedaja.
21 Pou lòt mwatye branch fanmi Manase a, ki te rete nan peyi Galarad, se te Ido, pitit gason Zakari. Pou branch fanmi Benjamen an, se te Jasiyèl, pitit gason Abnè.
22 Pou branch fanmi Dann lan, se te Azareyèl, pitit gason Jeworam lan. Se yo ki te chèf branch fanmi pèp Izrayèl yo.
Referencias cruzadas
1Cr 28:1
23 David pat fè konte moun ki pat ankò gen ventan sou tèt yo, paske Senyè a te pwomèt li t'ap fè pèp Izrayèl la peple pou yo te rive menm kantite ak zetwal nan syèl la.
24 Joab, pitit gason Sewouya a, te konmanse ap konte moun nan pèp la, men li pat fin fè l paske sa te lakòz Bondye te fache sou pèp la. Se konsa yo pa mete nan liv Istwa wa David la kantite moun yo te jwenn.
Referencias cruzadas
2S 24:1-15 1Cr 21:1-17
25 Se Azmavèt, pitit gason Adiyèl la, ki te reskonsab trezò wa a. Se Jonatan, pitit Ozyas la, ki te reskonsab tout depo ki te nan jaden, nan lavil, nan ti bouk ak sou fontyè yo.
26 Se Ezri, pitit gason Keloub la, ki te reskonsab tout moun ki t'ap okipe jaden wa a.
27 Se Chimeyi, moun lavil Rama, ki te reskonsab tout jaden rezen yo. Se Zabdi, moun lavil Chefam ki te reskonsab tout depo diven yo te fè ak rezen yo te ranmase nan jaden yo.
28 Se Baal-Anan, moun lavil Gedè, ki te reskonsab tout pye oliv ak pye sikomò ki te nan basrak yo. Se Joach ki te reskonsab depo lwil yo.
29 Se Chitrayi, moun Sawon, ki te reskonsab tout bèf yo t'ap gade nan zòn Sawon an. Se Chafat, pitit gason Adlayi, ki te reskonsab bèf yo t'ap gade nan fon yo.
Referencias cruzadas
1Cr 5:16 Is 65:10
30 Se Obil, moun fanmi Izmayèl yo, ki te reskonsab chamo yo. Se Jekdeja, moun lavil Mewonòt, ki te reskonsab fenmèl bourik yo.
Referencias cruzadas
Job 1:3 Gn 47:6
31 Se Jazis, moun peyi Aga, ki te reskonsab mouton ak kabrit yo. Se tout moun sa yo ki te jeran tout byen wa David yo.
Referencias cruzadas
1Cr 5:10
32 Jonatan, tonton David, te yon konseye. Se te yon moun lespri ki te fò anpil. Jekiyèl, pitit Akmoni, te reskonsab levasyon tout pitit gason wa a.
Referencias cruzadas
1Cr 11:11 2S 21:21 2S 13:3
33 Akitofèl te konseye wa a tou. Ouzayi, moun peyi Ak, te bon zanmi wa a.
34 Lè Akitofèl mouri, se Abyata ak Jeojada, pitit Benaja, ki vin konseye wa a. Joab te kòmandan lame wa a.
Referencias cruzadas
1R 1:7 1Cr 11:6 1Cr 27:5

Referenciado por 8

Referencias cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0

Versículo del Día

"Lámpara es a mis pies tu palabra, y lumbrera a mi camino."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Guarda tus versículos, únete a tu congregación

Registrarme gratis arrow_forward
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar versículos

Registrarme