MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

2 Kwonik Capítulo 3

Haitian Contemporary Version

1 Salomon tanmen bati Tanp Senyè a lavil Jerizalèm sou mòn Morija a, kote Senyè a te parèt devan David, papa l, sou anplasman David te pare pou sa a, ki vle di kote Onan, moun Jebis la, te gen glasi l la.
2 Lè sa a, Salomon te gen twazan yon mwa de jou depi li te wa.
Referencias cruzadas
1R 6:1
3 Salomon te bati Tanp lan sou yon fondasyon ki te gen katrevendis pye longè sou trant pye lajè.
Referencias cruzadas
1R 6:2-3 1Cr 28:11-19
4 Gwo pyès ki te devan Tanp lan te gen trant pye lajè menm jan ak Tanp lan, ak sankatreven (180) pye wotè. Salomon te fè kouvri tout miray anndan pyès la ak bon lò.
Referencias cruzadas
Jn 10:23 Hch 5:12 Hch 3:11
5 Li plake planch bwapen sou tout anndan gwo pyès la. Li kouvri tout bwa yo nèt ak bon lò. Lèfini, li fè yo mete pòtre pye palmis ak ti chenn.
Referencias cruzadas
1R 6:21-22 1R 6:15-17
6 Li dekore l ak bèl pyè koute chè. Yo te sèvi ak bon kalite lò ki sòti peyi Pavayim.
7 Li kouvri tout anndan Tanp lan ak lò: travès yo, ankadreman pòt yo, palisad yo ak pòt yo menm. Sou tout palisad yo, li fè mete pòtre zanj cheriben.
8 Yo bati tou pyès ki apa nèt pou Senyè a. Li te gen trant pye lajè, menm jan ak Tanp lan, ak trant pye longè, kare kare. Yo sèvi ak venmil (20.000) kilo lò pou kouvri tout anndan l.
9 Klou yo te sèvi yo te fèt ak lò tou. Chak klou te peze senksan gram. Yo kouvri tout miray anndan pyès anwo yo tou ak lò.
Referencias cruzadas
1Cr 28:11
10 Nan pyès ki apa nèt pou Senyè a, li fè fè de estati zanj cheriben. Li fè kouvri yo ak lò nèt.
Referencias cruzadas
1R 6:23-28 Ex 25:18
11 Yo te mete zanj yo kanpe yonn bò kote lòt, ak figi yo bay sou pòt antre pyès la. Yo chak te gen de zèl. Chak zèl te gen sèt pye edmi longè. Zèl yo te louvri. Pwent zèl anndan yo touche yonn ak lòt nan mitan pyès la, de pwent zèl deyò yo touche ak de miray sou kote yo. Konsa, longè tout zèl yo ansanm te bay trant pye.
14 Li fè yo fè yon rido pou pyès ki apa nèt pou Senyè a ak twal ble, twal wouj, twal vyolèt. Li fè bwode pòtre zanj cheriben sou rido a tou.
15 Salomon fè fè de gwo poto won. Yo chak te gen senkannde pye wotè. Li mete yo kanpe devan Tanp lan. Tèt poto yo te mezire sèt pye edmi wotè.
Referencias cruzadas
1R 7:15-24 Jer 52:20-23
16 Li fè ti chenn mare yonn ak lòt, li mete yo fè wonn anwo tèt poto yo ansanm ak pòtre grenad li mare nan ti chenn yo.
Referencias cruzadas
1R 7:20 1R 6:21
17 Li mete poto yo devan Tanp lan, yonn chak bò pòtay la. Yo rele sa ki adwat la Fèmte-Bondye, epi sa ki agoch la Fòs-Bondye.
Referencias cruzadas
1R 7:21

Referenciado por 17

Referencias cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0

Versículo del Día

"Lámpara es a mis pies tu palabra, y lumbrera a mi camino."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Guarda tus versículos, únete a tu congregación

Registrarme gratis arrow_forward
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar versículos

Registrarme