MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Ezekyèl Capítulo 4

Haitian Contemporary Version

1 Bondye di mwen ankò: — Ras Adan! Pran yon brik. Mete li devan ou. Trase plan lavil Jerizalèm sou li.
2 Apre sa, w'a moutre jan lènmi pral sènen lavil la: W'a fouye yon kannal pou sòlda yo kache, w'a mete ranble nan pye miray li yo, w'a mete anplasman kan sòlda yo, w'a mete gwo poto pou defonse pòtay yo sou tout bò lavil la.
3 Pran yon pwelon fè, mete l kanpe tankou yon miray ant ou menm ak lavil la. Bay lavil la fas. Lavil la sènen toupatou. Se ou menm ki sènen l. Se va yon siy pou moun pèp Izrayèl yo.
4 Lèfini, kouche sou bò gòch ou. W'a pran tout peche moun Izrayèl yo sou ou. W'ap rete kouche konsa pandan tout tan w'ap pote chay peche yo a.
5 Mwen deside pou yo pase twasankadrevenndizan (390 an) ap peye pou peche yo. Konsa, m'ap fè ou pase twasankatrevenndi (390) jou ap pote chay peche moun peyi Izrayèl yo, yon jou pou chak lanne.
Referencias cruzadas
Nm 14:34 Is 53:6
6 Apre sa, w'a vire kouche sou bò dwat ou. W'a pote chay peche moun peyi Jida yo pandan karant jou, yon jou pou chak lanne chatiman yo.
7 Vire tèt ou, gade lavil Jerizalèm yo sènen an. Lonje dwèt ou sou li. Di sa ki pral rive l.
8 M'ap mare ou byen mare, konsa ou p'ap ka vire chanje bò toutotan tout jou pou yo sènen lavil la poko fin pase.
Referencias cruzadas
Ezq 3:25
9 Bon, kounyeya ou pral pran ble, lòj, gwo pwa, ti pwa, pitimi ak ble mòn, w'a mete yo ansanm nan yon sèl veso. W'a fè pen ak yo. Pandan tout twasankatrevenndi (390) jou w'ap pase kouche sou bò gòch ou a, se sa ase w'a manje.
Referencias cruzadas
Ezq 4:13 Ezq 4:16 Is 28:25
10 W'a pran yon moso pen ki peze yon demi (12) liv pou ou manje chak jou. Se sa ase pou ou manje chak jou.
11 Ou p'ap gen anpil dlo pou ou bwè. W'a pran yon lit dlo konsa chak jou.
Referencias cruzadas
Is 5:13 Ezq 4:16 Jn 3:34
12 W'a pran okabinen moun, w'a fè dife pou kwit pen, la devan tout moun, pou manje.
Referencias cruzadas
Is 36:12 Gn 18:6
13 Senyè a te di ankò: — Se konsa moun pèp Izrayèl yo pral manje manje lalwa defann yo manje, lè m'a gaye yo nan mitan lòt nasyon yo.
Referencias cruzadas
Os 9:3-4 Dan 1:8
14 Lè sa a, mwen di: — O non! Senyè, Bondye ki gen tout pouvwa a, mwen pa janm manje manje ou defann moun manje. Depi m piti, mwen pa janm manje vyann bèt ki mouri toufe, ni vyann bèt lòt bèt touye. Non, mwen pa janm mete nan bouch mwen vyann ou defann moun manje!
15 Lè sa a, Bondye di m konsa: — Dakò. M'ap kite ou pran kakabèf pito pase pou pran okabinen moun. Ou mèt fè dife avè li pou kwit pen ou lan.
16 Senyè a di mwen ankò: — Ras Adan! Mwen pral koupe viv moun lavil Jerizalèm yo. Moun yo pral gen kè sere. Yo pral gen kè sote lè yo pral kontwole kantite pen pou yo manje ak kantite dlo pou yo bwè.
17 Yo p'ap jwenn kantite pen ak dlo yo bezwen: yo tout y'ap depafini ansanm, y'ap deperi poutèt peche yo fè yo.
Referencias cruzadas
Lv 26:39 Ezq 24:23 Ezq 33:10

Referenciado por 20

Referencias cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0

Versículo del Día

"Lámpara es a mis pies tu palabra, y lumbrera a mi camino."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Guarda tus versículos, únete a tu congregación

Registrarme gratis arrow_forward
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar versículos

Registrarme