MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Jonas Capítulo 2

Haitian Contemporary Version

1 Antan nan vant pwason an, Jonas lapriyè Senyè a, Bondye a, li di:
2 Nan mizè mwen ye a, Senyè, Mwen rele nan pye ou, ou reponn mwen. Nan fenfon peyi kote mò yo ye a, Mwen mande ou sekou, ou tande vwa mwen.
3 Ou lage m' jete byen fon nan lanmè, Dlo sènen mwen toupatou. Tout kouran dlo ak tout lanm, Yo tout pase sou mwen.
4 M'ap di nan kè mwen Genlè ou voye m' jete lwen ou nèt! Mwen p'ap janm wè kay ki apa pou ou a ankò!
5 Tout dlo kouvri m' Yo prèt pou anglouti m'. Fon lanmè viwonnen mwen, Zèb lanmè vlope tout tèt mwen.
Referencias cruzadas
Sal 69:1-2 Lam 3:54 Sal 40:2
6 Mwen desann, mwen desann, mwen rive jouk nan rasin mòn yo, nan peyi kote sa ki antre pa sòti. Men, Senyè, Bondye mwen, ou rale m sòti nan twou a. Ou ban m lavi ankò.
7 Lè m santi mwen taprale vre, mwen vin chonje ou, Senyè! Mwen lapriyè nan pye ou. Kote ou chita nan Tanp ki apa ou a, ou tande m.
8 Moun k'ap sèvi zidòl ki pa vo anyen yo, se moun ki vire do bay Bondye ki bay favè a.
9 Men, m'ap chante pou m fè lwanj ou, m'a ofri bèt pou yo touye pou ou. M'a kenbe angajman mwen te pran an. Se Senyè a ki delivrans nou.
10 Lè sa a, Senyè a pase gwo pwason an lòd vomi Jonas sou rivaj lanmè a.

Referencias cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0

Versículo del Día

"Lámpara es a mis pies tu palabra, y lumbrera a mi camino."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Guarda tus versículos, únete a tu congregación

Registrarme gratis arrow_forward
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar versículos

Registrarme