MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Jozye Capítulo 19

Haitian Contemporary Version

1 Dezyèm pòsyon an te vin pou moun Simeyon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo a te nan mitan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Jida yo.
2 Men lavil yo te ba yo pou yo separe pou yo: Bècheba, Cheba, Molada
3 Asa-Chwal, Bala, Atsèm,
Referencias cruzadas
Jos 15:28-29
4 Eltolad, Betoul, Oma,
Referencias cruzadas
Jue 1:17 Jos 15:30
5 Ziklag, Bèt-Makabòt, Asa-Sousa,
6 Bèt-Lebayòt ak Chawouyèm. Sa te fè antou trèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
Referencias cruzadas
Jos 15:32
7 Yo te ba yo ankò Ayin, Rimon, Etè ak Achan, kat lòt lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
8 Fòk nou konte tou tout ti bouk nan vwazinay lavil sa yo rive jouk Baalat-Beyè ak Rama nan dezè a. Men pòsyon tè yo te bay branch fanmi Simeyon yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
Referencias cruzadas
1Cr 4:33 1S 30:27
9 Nan pòsyon tè moun Jida yo, yo te pran yon pòsyon bay moun Simeyon yo, paske pòsyon tè ki te pou moun Jida yo te twòp pou yo. Se konsa, moun branch fanmi Simeyon yo te jwenn yon pòsyon tè ki te nan mitan pòsyon tè moun Jida yo.
Referencias cruzadas
2Co 8:14-15 Ex 16:18
10 Twazyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Zabilon yo, pou yo separe bay chak fanmi pa yo. Pòsyon tè yo te resevwa a te rive jouk Sarid.
11 Limit la moute bò lwès, li rive Mareala, li pase Dabechèt. Apre sa, li rive nan ravin ki pase anfas Jokneyam,
Referencias cruzadas
Jos 12:22 1Cr 6:68 1R 4:12
12 lòt bò lavil Sarid, nan direksyon solèy leve, jouk yo rive sou limit Kislòt-Tabò. Apre sa, li pran chemen Daberat, li moute Jafya.
13 Li sòti Jafya nan menm direksyon solèy leve a, li rive sou Gat-Efè ak Ita-Kasen. Li pase sou Rimon, li vire sou Nea.
Referencias cruzadas
2R 14:25
14 Sou bò nò, limit la vire sou Anaton, l'al bout nan fon Jiftayèl.
15 Yo te ba yo lavil sa yo tou: Katat, Naala, Chimwon, Jideala ak Betleyèm. Sa te fè antou douz lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
16 Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Zabilon yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
17 Katriyèm pòsyon tè a te vin pou moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
18 Pòsyon sa a te rive jouk lavil Jizreyèl. Men lòt lavil ki te ladan l: Kesoulòt, Choumèm,
19 Afarayim, Chiyon, Ana-karat,
20 Rabit, Kichyon, Abèz,
21 Remèt ak An-Gannim, An-Ada ak Bèt-Pasèz.
Referencias cruzadas
Jos 21:29
22 Fontyè a te rive lavil Tabò, lavil Charasima ak lavil Bèt-Chemèch. Epi l'al bout nan larivyè Jouden. Antou sa te fè sèz lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
23 Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Isaka yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
24 Senkyèm pòsyon tè a sòti pou branch fanmi Asè a pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
Referencias cruzadas
Lc 2:26-38
25 Men lavil ki te nan pòsyon tè pa yo a: Elkat, Ali, Betèn, Akchaf,
Referencias cruzadas
Jos 11:1 Jos 12:20 2S 2:16
26 Alamelèk, Ameyad, Micheyal. Sou bò solèy kouche, li te rive mòn Kamèl ak ravin Libnat.
27 Sou bò solèy leve, tè a rive jouk Bèt-Dagon, li rive sou limit tè moun Zabilon yo, li pran fon Jiftayèl la moute nan direksyon nò, li pase Bèt-Emèk ak Neyèl, li bout sou Kaboul bò nan nò nèt.
Referencias cruzadas
1R 9:13 1S 5:2
28 Konsa men lòt lavil ki te nan pòsyon tè sa a: Abdon, Reyòb, Amon ak Kana jouk gwo lavil Sidon an.
29 Apre sa, limit la vire tounen nan direksyon Rama jouk li rive nan gwo fò lavil Tir la, li pouse pou Osa epi l'al bout nan lanmè Mediterane a. Nan menm pòsyon tè yo a, te vin gen tou Maralèb, Aksib,
30 Ako, Afèk, Reyòb. Sa te fè antou vennde lavil ak tout ti bouk ki te sou lòd yo.
31 Tout lavil sa yo ak tout ti bouk ki te sou lòd yo te nan pòsyon tè yo te bay moun branch fanmi Asè yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
Referencias cruzadas
Gn 49:20 Dt 33:24-25
32 Se pou moun branch fanmi Neftali yo sizyèm pòsyon tè a vini pou yo te ka separe bay chak fanmi pa yo.
33 Limit la sòti lavil Elèf, bò pye chenn Sanannim lan, li pase Adami-Nekèd, Jabneyèl jouk li rive Lakoum, pou l al bout sou larivyè Jouden an.
Referencias cruzadas
Jue 4:11
34 Sou bò solèy kouche, limit la vire sou Aznòt-Tabò. Lè l sòti la, l'al Oukòk, li pase sou limit tè moun Zabilon yo bò nan sid, sou baliz tè moun Asè yo sou bò lwès. Sou bò lès, li pase sou limit tè moun Jida yo kote li lonje larivyè Jouden an.
Referencias cruzadas
Dt 33:23 Jos 19:22 Jos 19:12
35 Men lavil ki te gen fò ak ranpa pou pwoteje yo: Se te Sidim, Sèr, Amat, Raka, Kinerèt,
36 Adama, Rama, Asò,
Referencias cruzadas
Jos 11:1 Jos 11:20 Jos 12:19
37 Kadès, Edreyi, An-Asò,
Referencias cruzadas
Jos 20:7 Jos 12:22
38 Jireyon, Migdalèl, Orèm, Bèt-Anat, Bèt-Chemèch. Sa te fè antou disnèf lavil ak tout ti bouk ki sou lòd yo.
39 Men tout lavil ansanm ak tout ti bouk sou lòd yo ki te nan pòsyon tè yo bay moun Neftali yo pou yo separe bay chak fanmi pa yo.
40 Se pou moun branch fanmi Dann yo setyèm pòsyon tè a te vini pou yo te ka separe bay chak fanmi pa yo.
41 Men lavil yo te jwenn nan pòsyon tè pa yo a: Se te Soreya, Echtawòl, Ichemèch,
42 Chalabin, Ajalon, Jitla,
43 Elon, Timnata, Ekwon,
44 Eltekè, Gibeton, Baalat,
45 Jewoud, Bene-Berak, Gat-Rimon,
Referencias cruzadas
Jos 21:24
46 Mejakon ak Rakon, ansanm avèk tout tè ki anfas lavil Jope.
47 Men, moun branch fanmi Dann yo kite lòt moun pran peyi a nan men yo. Se konsa, yo moute al atake lavil Lechèm. Yo anvayi lavil la, yo touye tout moun ki te rete ladan l. Yo pran lavil la pou yo, yo rete ladan l. Epi yo chanje non l. Yo pa rele l Lechèm ankò. Yo ba li non zansèt yo, yo rele l Dann.
Referencias cruzadas
Jue 1:34-35 Jue 18:1-29
48 Men pòsyon tè ansanm ak tout lavil ak ti bouk ki te sou lòd yo, ki te vin pou moun branch fanmi Dann yo pou yo te separe bay chak fanmi pa yo.
49 Aprè moun pèp Izrayèl yo te fin separe rès peyi a bay chak branch fanmi pòsyon pa yo, yo bay Jozye, pitit gason Noun lan, yon pòsyon nan tè a ki pou rele l pa l.
Referencias cruzadas
Ezq 45:7-8
50 Jan Senyè a te ba yo lòd la, yo ba li lavil li te mande a: Timnat-Sera nan mòn Efrayim. Li rebati lavil la epi li rete ladan l.
Referencias cruzadas
Jos 24:30 Jue 2:9 1Cr 7:24
51 Men divès pòsyon tè Eleaza, prèt la, Jozye, pitit gason Noun lan, ak chèf fanmi yo te separe bay branch fanmi pèp Izrayèl la, devan Senyè a, nan papòt Tant Randevou a, apre yo te fin tire osò. Se konsa yo te fin separe peyi a nèt.

Referenciado por 9

Referencias cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0

Versículo del Día

"Lámpara es a mis pies tu palabra, y lumbrera a mi camino."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Guarda tus versículos, únete a tu congregación

Registrarme gratis arrow_forward
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar versículos

Registrarme