MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Nonb Capítulo 26

Haitian Contemporary Version

1 Apre epidemi an, Senyè a pale ak Moyiz ansanm ak Eleaza, pitit gason Arawon, prèt la, li di yo konsa:
Referencias cruzadas
Nm 25:9
2 — Nou pral fè resansmam tout pèp Izrayèl la. Koumanse sou gason laj ventan ki bon pou al nan lagè, chak fanmi apa, dapre zansèt yo. W'a pran non tout gason nan pèp Izrayèl la ki bon pou al nan lagè.
3 Se konsa, antan pèp la nan plenn peyi Mowab yo, toupre larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko, Moyiz ak Eleyaza, prèt la, ba yo lòd
4 pou tout gason ki gen ventan osinon ki pi gran vin bay non yo, dapre lòd Senyè a te bay Moyiz. Men moun pèp Izrayèl la ki te sòti kite peyi Lejip:
Referencias cruzadas
Nm 1:1 1Cr 21:1
5 Nan branch fanmi Riben, premye pitit gason Izrayèl la, te gen fanmi moun Enòk yo, fanmi moun Palou yo,
6 fanmi moun Ezwon yo ak fanmi moun Kami yo.
7 Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Riben lan. Lè resansman an, yo te jwenn karanntwamil sètsantrant (43.730) gason nan branch fanmi sa a.
8 Palou te papa Eliyab.
9 Eliyab te papa Nemwèl, Datan ak Abiram. Se Datan ak Abiram sa yo, de nèg moun yo te konsidere anpil, ki te revòlte kont Moyiz ak Arawon. Yo te fè pati bann moun Kore yo ki te revòlte kont Senyè a.
10 Lè sa a, tè a te louvri, li vale yo, epi yo mouri ansanm ak Kore ak tout bann moun li yo. Jou sa a, dife te boule desansenkant (250) moun. Se te yon avètisman pou pèp la.
11 Men, pitit gason Kore yo pat mouri lè sa a.
12 Men pitit gason Simeyon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Nemwèl yo, fanmi moun Yamen yo, fanmi moun Yakim yo,
13 fanmi moun Zera yo ak fanmi moun Sayil yo.
Referencias cruzadas
Gn 46:10
14 Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Simeyon an. Lè resansman an, te gen venndemil desan (22.200) gason nan branch fanmi sa a.
Referencias cruzadas
Nm 2:12-13 Nm 1:22-23
15 Men pitit gason Gad yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Sefon yo, fanmi moun Agi yo, fanmi moun Chouni yo,
Referencias cruzadas
Gn 46:16 Nm 2:14
16 fanmi moun Ozni yo, fanmi moun Eri yo,
Referencias cruzadas
Gn 46:16
17 fanmi moun Awòd yo, fanmi moun Areli yo.
Referencias cruzadas
Gn 46:16
18 Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Gad la. Lè resansman an, te gen karantmil senksan (40.500) gason nan branch fanmi sa a.
Referencias cruzadas
Nm 1:24-25 Nm 2:14-15
19 Men pitit gason Jida yo. Te gen Er ak Onan, men yo tou de mouri nan peyi Kanaran san kite pitit.
Referencias cruzadas
Gn 46:12 1Cr 2:3-8 Gn 38:1-10
20 Apre yo, te gen Chela, Perèz ak Zirak, ki bay yo chak yon kòt fanmi.
21 Perèz te gen de pitit gason. Yo chak bay yon fanmi apa. Se te fanmi Eswon an ak fanmi Amoul lan.
22 Se tout moun sa yo ki nan branch fanmi Jida a. Lè resansman an, te gen swasannsèzmil senksan (76.500) gason nan branch fanmi sa a.
23 Men pitit gason Isaka yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Tola yo, fanmi moun Pouva yo,
24 fanmi moun Yachoub yo, fanmi moun Chimwon yo.
Referencias cruzadas
Gn 46:13
25 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Isaka a. Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil twasan (64.300) gason nan branch fanmi sa a.
Referencias cruzadas
Nm 2:5-6 Nm 1:28-29
26 Men pitit gason Zabilon yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Serèd yo, fanmi moun Elon yo, fanmi moun Yaleyèl yo.
Referencias cruzadas
Gn 46:14 Gn 30:19-20
27 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Zabilon an. Lè resansman an, yo te jwenn swasantmil senksan (60.500) gason nan branch fanmi sa a.
Referencias cruzadas
Nm 2:7-8 Nm 1:30-31
28 Jozèf te gen de pitit gason: Manase ak Efrayim.
29 Men pitit gason Manase yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Maki yo. Maki te papa Galarad ki te bay fanmi moun Galarad yo.
30 Galarad te fè sis pitit gason, yo chak bay yon branch fanmi. Te gen fanmi moun Yezè yo, fanmi moun Elèk yo,
31 fanmi moun Asriyèl yo, fanmi moun Sichèm yo,
32 fanmi moun Chemida yo, fanmi moun Efè yo.
33 Men Zelofeyad, pitit gason Efè a, pat gen pitit gason. Se annik pitit fi li te genyen. Men non yo: Se te Mala, Noa, Ogla, Milka ak Tisa.
Referencias cruzadas
Nm 27:1 Nm 36:10-12
34 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Manase a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanndemil sètsan (52.700) gason nan branch fanmi sa a.
Referencias cruzadas
Nm 2:20-21 Nm 1:34-35
35 Men pitit gason Efrayim yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Choutela yo, fanmi moun Bekè yo, fanmi moun Tayan yo.
Referencias cruzadas
1Cr 7:20-21
36 Choutela poutèt pa l te gen yon pitit gason. Se te Eran ki bay yon fanmi apa.
37 Se tout moun sa yo ki te nan branch Efrayim lan. Lè resansman an, yo te jwenn tranndemil senksan (32.500) gason nan branch fanmi sa a.
Referencias cruzadas
Nm 2:18-19 Nm 1:32-33
38 Men pitit gason Benjamen yo ak tout kòt fanmi yo: Te gen fanmi moun Bela yo, fanmi moun Achbèl yo, fanmi moun Ayiram yo,
39 fanmi moun Choufan yo ak fanmi moun Oufam yo.
Referencias cruzadas
Gn 46:21
40 Bela pou tèt pa l te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan branch fanmi an ankò. Se te Ad ak Naaman.
Referencias cruzadas
1Cr 8:3
41 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Benjamen an. Lè resansman an, yo te jwenn karannsenkmil sisan (45.600) gason nan branch fanmi sa a.
42 Men pitit gason Dann lan ak tout kòt fanmi l. Se te fanmi moun Chwanm yo. Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Dann lan.
Referencias cruzadas
Gn 46:23
43 Lè resansman an, yo te jwenn swasannkatmil katsan (64.400) gason nan branch fanmi sa a.
Referencias cruzadas
Nm 1:38-39 Nm 2:25-26
44 Men pitit gason Asè yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Imna yo, fanmi moun Ichvi yo ak fanmi moun Berya yo.
Referencias cruzadas
1Cr 7:30 Gn 46:17
45 Berya pou tèt pa l te gen de pitit gason ki bay de lòt branch nan fanmi an ankò: Se te Ebè ak Malkiyèl.
46 Asè te gen yon pitit fi yo te rele Sera.
Referencias cruzadas
Gn 46:17
47 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Asè a. Lè resansman an, yo te jwenn senkanntwamil katsan (53.400) gason nan branch fanmi sa a.
Referencias cruzadas
Nm 2:27-28 Nm 1:40-41
48 Men pitit gason Neftali yo ak tout kòt fanmi yo. Te gen fanmi moun Yazeyèl yo, fanmi moun Gouni yo,
Referencias cruzadas
1Cr 7:13 Gn 46:24
49 fanmi moun Yesè yo ak fanmi moun Chilèm yo.
Referencias cruzadas
1Cr 7:13
50 Se tout moun sa yo ki te fè pati branch fanmi Neftali a, fanmi pa fanmi. Lè resansman an, yo te konte karannsenkmil katsan (45.400) gason nan fanmi sa yo.
Referencias cruzadas
Nm 1:42-43 Nm 2:29-30
51 Konsa, te gen antou sisan-enmil sètsantrant (601.730) gason nan tout pèp Izrayèl la.
52 Senyè a pale ak Moyiz, li di l konsa:
53 — Nou pral separe peyi a bay chak fanmi pòsyon pa yo dapre kantite gason yo jwenn nan chak.
54 Fanmi ki gen anpil gason va resevwa yon pi gwo pòsyon. Fanmi ki pa gen anpil gason va resevwa yon pi piti pòsyon. Chak fanmi va resevwa yon pòsyon dapre kantite gason ki gen ladan l.
55 Men, pou fè separasyon peyi a, n'a tire osò: chak fanmi va resevwa pòsyon pa l dapre kantite moun yo te konte nan chak.
56 Y'a tire osò pou yo separe bay chak branch fanmi pòsyon pa yo: yon gwo pòsyon pou chak branch fanmi ki anpil, yon ti pòsyon pou chak branch fanmi ki pa anpil.
Referencias cruzadas
1Co 12:4 Ro 11:7
57 Men, nan branch fanmi Levi a, men moun yo te konte dapre fanmi yo. Te gen fanmi Gèchon an, fanmi Keyat la ak fanmi Merari a.
58 Men lòt fanmi Levi yo: moun Libni yo, moun Ebwon yo, moun Makli yo, moun Mouchi yo ak moun Kore yo. Keyat te papa Amram.
Referencias cruzadas
Ex 6:20 Nm 16:1 Nm 3:17-21
59 Madanm Amram te rele Yokebèd. Se te yon pitit fi Levi. Li te fèt nan peyi Lejip. Li te fè twa pitit pou Amram: Arawon, Moyiz ak Miryam, sè yo.
Referencias cruzadas
Ex 6:20 Ex 2:1-2 Lv 18:12
60 Arawon te papa kat pitit gason: Nadab, Abiyou, Eleaza ak Itama.
Referencias cruzadas
Nm 3:2 Nm 3:8
61 Nadab ak Abiyou te mouri lè yo te ofri bay Senyè a yon dife yo pat dwe ofri.
Referencias cruzadas
Nm 3:4 Lv 10:1-2 1Cr 24:1-2
62 Lè resansman an, yo te jwenn nan branch fanmi sa a venntwamil (23.000) gason ki te gen yon mwa depi yo te fèt osinon ki te pi gran. Yo pat konte yo ansanm ak rès pèp Izrayèl la, paske yo pa t'ap resevwa okenn pòsyon nan tè ki pou pèp la.
63 Men tout moun Moyiz ak Eleaza te konte lè yo t'ap fè resansman moun pèp Izrayèl la nan plenn Mowab yo, lòt bò larivyè Jouden, anfas lavil Jeriko.
Referencias cruzadas
Nm 26:3
64 Pami yo pat gen yonn menm nan sa Moyiz ak Arawon te konte lè yo t'ap fè premye resansman pèp Izrayèl la nan dezè Sinayi a.
65 Paske Senyè a te di yo tout gen pou mouri nan dezè a. Yo tout te mouri vre, esèpte Kaleb, pitit gason Jefoune a ak Jozye, pitit gason Noun lan.

Referencias cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0

Versículo del Día

"Lámpara es a mis pies tu palabra, y lumbrera a mi camino."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Guarda tus versículos, únete a tu congregación

Registrarme gratis arrow_forward
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar versículos

Registrarme