chevron_left chevron_right

Sòm Capítulo 126

Bible en Créole Haïtien (BSA)

1 Lè SENYÈ a te fè mennen tounen kaptif Sion yo, nou te tankou sila ki fè rèv yo.

2 Nan lè sa a, bouch nou te plen ak ri lajwa e lang nou avèk kri lajwa. Konsa, yo te di pami nasyon yo: “SENYÈ a te fè gwo bagay pou yo.”

3 SENYÈ a te fè gwo bagay yo pou nou. Nou kontan.

4 Fè retounen kaptif nou yo, O SENYÈ, kon rivyè nan dezè a.

5 Sila ki simen ak dlo nan zye yo Va rekòlte avèk gwo kri lajwa.

6 Sila ki soti ap kriye akoz chàj makout semans lan. Men l ap retounen ankò ak kri lajwa, akoz chàj pakèt rekòlt l ap pote a.

Versículo del Día

"Lámpara es a mis pies tu palabra, y lumbrera a mi camino."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Guarda tus versículos, únete a tu congregación

Registrarme gratis arrow_forward
auto_stories

Crea una cuenta gratis para guardar versículos

Registrarme