MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Jòb Chapitre 32

Haitian Contemporary Version

1 Jòb te sitèlman sèten li te inonsan, twa mesye yo kite sa, yo pa chache reponn li ankò.
2 Men, Eliyou ki te kanpe la fè yon sèl kòlè. Eliyou sa a, se pitit Barakèl, moun fanmi Bouz, nan branch fanmi Ranm lan. Li fè yon sèl kòlè sou Jòb, paske Jòb t'ap bay tèt li rezon, li t'ap bay Bondye tò.
3 Li te ankòlè sou twa zanmi Jòb yo tou. Yo pat jwenn anyen pou yo reponn Jòb. Konsa, yo menm tou, se Bondye yo te bay tout tò a.
4 Antan yo twa a t'ap pale, Eliyou te rete la san di anyen, paske yo te pi gran pase l.
Références croisées
Pr 18:13 Job 32:11-12
5 Lè li wè mesye yo pat jwenn anyen ankò pou reponn Jòb, li fè yon sèl kòlè.
Références croisées
Job 32:2 Ex 32:19
6 Li pran lapawòl, li di: — Mwen menm, se timoun mwen ye. Se granmoun nou ye, nou menm. Se poutèt sa, mwen te yon ti jan jennen. Mwen te ezite antre nan koze a.
7 Mwen t'ap di nan kè m: Kite granmoun pale! Kite sa ki gen laj sou tèt yo mete bon konprann yo deyò.
8 Men, pou di vre, se lespri Bondye ki gen tout pouvwa a sèl ki pou antre nan tèt yon moun pou ba li bon konprann!
9 Se pa laj ki bay moun bon konprann. Se pa cheve blan ki fè moun konnen sa ki dwat.
10 Kounyeya, mwen ta renmen nou koute m. Kite m di nou sa m konnen sou koze a.
Références croisées
1Co 7:25 1Co 7:40
11 Mwen tande byen tande tou sa nou di. Mwen te louvri zòrèy mwen gran louvri pou m pa manke anyen nan pawòl nou yo, pandan n'ap chache mo pou nou di.
12 Mwen t'ap swiv sa n'ap di. Men, yonn nan nou pa rive fè Jòb fèmen bouch li. Nou yonn pa rive demanti mesye.
Références croisées
Job 32:3 1Ti 1:7
13 Pa vin di m nou konprann kounye a se Bondye ki pou reponn. Lèzòm pa kapab.
14 Se avè nou Jòb t'ap pale. Se pa avè m. Konsa, mwen pral reponn mesye yon lòt jan.
15 Jòb, ou wè mesye yo pa konn sa pou yo di ou. Yo pa jwenn anyen pou reponn ou ankò.
16 Mwen t'ap tann yo. Men, kounyeya yo fèmen bouch yo. Yo sispann pale, yo pa reponn ou.
17 Atòkile, se mwen ki pral pale, mwen pral di ou sa m konnen nan koze a.
Références croisées
Job 32:10 Job 35:3-4 Job 33:12
18 Mwen plen pawòl nan bouch mwen. Si m pa pale m'a toufe.
19 Pawòl ki nan tèt mwen, ou ta di yon diven k'ap fèmante. Li prèt pou pete veso kote l ye a.
Références croisées
Mt 9:17
20 Se pou m pale pou m ka soulaje konsyans mwen. Se pou m louvri bouch mwen reponn ou.
21 Mwen p'ap pran defans pyès moun. Mwen pa pral achte figi nou yonn la a.
22 Mwen pa konn flate moun. Lèfini, si m ta fè sa, Bondye ki kreye m lan ta disparèt mwen lapoula.

Référencé par 12

Références croisées: OpenBible.info · CC BY 4.0

Verset du Jour

"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."

— Psaume 119:105

Voir le verset complet →

Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation

S'inscrire gratuitement arrow_forward
auto_stories

Créez un compte gratuit pour sauvegarder

S'inscrire