MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Pwovèb Chapitre 26

Haitian Contemporary Version

1 Menm jan moun pa bezwen tann pou fè gwo fredi nan sezon chalè, ni pou lapli tonbe nan sezon rekòt, konsa tou, moun san konprann pa bezwen tann pou yo fè lwanj li.
2 Madichon pa ka fè ou anyen si ou pa antò. Se tankou ti zwazo k'ap vòltije sou branch bwa, ziwondèl k'ap vole nan syèl la yo ye.
3 Fwèt pou chwal, baboukèt pou bourik, baton pou do moun ki san konprann.
4 Pa reponn moun sòt yo menm jan yo pale a, pou ou pa parèt sòt menm jan ak yo.
5 Reponn moun sòt yo dapre jan yo pale a, w'a fè yo wè se moun sòt yo ye.
6 Yon moun ki voye yon moun sòt fè komisyon, se tankou si li te koupe janm li. Se traka l'ap chache bay tèt li.
7 Yon moun ki san konprann sèvi ak yon pwovèb menm jan yon moun bwete sèvi ak move janm lan.
8 Fè lwanj yon moun ki san konprann, se tankou si ou te mare wòch la anvan ou tire fistibal la.
Références croisées
Pr 26:1 Pr 30:22 Pr 19:10
9 Yon moun san konprann k'ap bay yon pwovèb, se tankou yon moun sou k'ap chache wete yon pikan nan dwèt li.
Références croisées
Pr 23:35
10 Patwon ki pran nenpòt moun san konprann osinon nenpòt moun k'ap pase nan lari pou travay pou li, se yon danje pou tout moun.
Références croisées
Rm 2:6 Pr 11:31
11 Menm jan yon chen tounen vin manje sa li vonmi, se konsa moun san konprann yo ap toujou fè sa y'ap fè a.
Références croisées
2Pi 2:22 Mt 12:45 Ex 8:15
12 Gen plis espwa pou yon moun ki san konprann pase pou yon moun ki mete nan tèt li li konprann.
13 Parese a di: Gen bèt nan bwa sou wout la. Gen yon lyon nan lari a.
Références croisées
Pr 22:13 Pr 19:15 Pr 15:19
14 Parese a ap vire adwat agòch nan kabann li, menm jan yon pòt ap vire louvri fèmen sou gon li yo.
15 Parese a pran kiyè l nan men l. Men, pou l leve l mete nan bouch li, se yon pakèt afè.
Références croisées
Pr 19:24
16 Parese mete nan tèt li li gen plis konprann pase sèt moun lespri ki konn sa y'ap di.
Références croisées
Pr 26:12 1Pi 3:15 Pr 12:15
17 Moun k'ap foure bouch nan koze ki pa gade l, se tankou moun k'ap rale ke chen li jwenn sou gran chemen.
18 Moun k'ap mache twonpe moun, apre sa pou li di: Aa monchè! Se jwe mwen t'ap jwe, moun konsa tankou moun fou k'ap voye bwa dife ak wòch pou touye moun.
20 Kote ki pa gen bwa, pa gen dife. Kote ki pa gen tripòt, pa gen kont.
21 Chabon kenbe recho a limen. Bwa pa kite dife a mouri. Konsa tou, moun ki renmen chache kont toujou ap pouse dife.
22 Tripotay dous nan zòrèy moun ki vle tande yo. Sa mache nan san yo.
Références croisées
Pr 18:8 Pr 20:19 Ez 22:9
23 Yon moun ki gen bèl pawòl nan bouch li men ki gen move kè, se tankou bèl penti sou bwa pouri.
24 Ipokrit ki rayi moun toujou ap bay bèl pawòl. Men, nan kè l, se twonpe l'ap twonpe moun.
25 Lè l'ap pale konsa, ou pa bezwen kwè l, paske nan fon kè l, se mechanste ase ki genyen.
26 Li te mèt kache sa, tout moun gen pou wè mechanste l'ap fè yo.
27 Moun k'ap tann pèlen pou lòt se yo menm k'ap pran ladan li. Moun ki konmanse woule wòch la, se li menm ankò wòch la ap kraze.
28 Fòk ou rayi yon moun vre pou fè manti sou li. Lè w'ap flate moun, se tèt ou w'ap fè tò.

Référencé par 10

Références croisées: OpenBible.info · CC BY 4.0

Verset du Jour

"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."

— Psaume 119:105

Voir le verset complet →

Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation

S'inscrire gratuitement arrow_forward
auto_stories

Créez un compte gratuit pour sauvegarder

S'inscrire