MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Pwovèb Chapitre 31

Haitian Contemporary Version

1 Men Pawòl wa Lemwèl, men konsèy manman l te ba li:
2 Kisa pou m di ou, pitit mwen, pitit ki sòti nan zantray mwen? Se mwen ki te mande Bondye pou l ban mwen ou. Kisa pou m di ou?
Références croisées
Es 49:15 1S 1:11 1S 1:28
3 Pa gaspiye kouray ou nan fanm. Veye zo ou ak fanm k'ap fè malè chèf yo.
4 Lemwèl monchè, yon wa pa fèt pou nan bwè bweson. Chèf pa fèt pou nan bwè gwòg.
5 Lè yo bwè konsa, yo bliye lòd yo te bay. Yo p'ap pran ka malere yo.
Références croisées
Ha 2:5
6 Se moun ki dekouraje ak lavi ki tonbe nan gwòg. Se moun ki gen gwo lapenn nan kè yo ki lage kò yo nan bweson.
7 Yo bwè pou yo bliye mizè yo, pou yo pa chonje lapenn yo.
Références croisées
Ep 5:18
8 Louvri bouch ou pale pou moun ki pa ka pale pou tèt yo. Defann kòz moun ki san sekou yo.
9 Pale pou yo. Pa fè patipri. Defann kòz malere yo ak endijan yo.
10 Sa pa fasil pou moun jwenn yon bon madanm. Lè li jwenn li, li gen plis valè pase yon boul lò.
11 Mari l mete tout konfyans li nan li. Tout bagay ap mache byen lakay li.
Références croisées
1Pi 3:1-7
12 Madanm lan p'ap janm aji mal ak mari l, l'ap pase tout lavi l ap fè l byen.
13 Li chache lenn mouton ak fil swa, li travay yo fè twal ak men l.
14 Tankou bato k'ap pote machandiz, l'al byen lwen chache manje mete nan kay la.
Références croisées
Ez 27:3-36 1R 9:26-28
15 Solèy poko leve, li gentan sou pye l, l'ap pare manje pou moun nan kay la. L'ap di sèvant yo sa pou yo fè.
16 Li fè lide sou yon tè, li achte l ak lajan li fè ak men l. Li fè jaden rezen sou li.
Références croisées
Mt 13:44 Ct 8:12 Jos 15:18
17 Li mare ren l, li twouse manch rad li pou l travay.
18 Li santi zafè l ap mache byen, li rete byen ta lannwit ap travay.
19 Li file koton, li koud rad li.
Références croisées
Ex 35:25-26
20 Li lonje men l bay pòv. Li pran ka malere.
21 Li pa pè fredi pou moun lakay li, paske tout moun gen rad cho pou mete sou yo.
Références croisées
Gn 45:22 2S 1:24 Pr 25:20
22 Li fè kouvèti lenn pou kabann yo. Tout rad li yo fèt ak twal wouj tise byen sere.
23 Mari li, se yonn nan chèf fanmi lavil la. Tout moun lavil la ap nonmen non li anbyen.
24 Madanm li fe rad pou l vann, li fè bèl senti, li vann yo ak machann.
25 Li gen anpil kouray, tout moun respekte l, li pa pè denmen.
26 Lè li louvri bouch li, se bon konsèy li bay. Li toujou gen bon pawòl nan bouch li.
27 Li konnen vire tounen tout moun nan kay la. Li toujou gen yon bagay l'ap fè.
28 Tout pitit li yo ap fè l konpliman. Mari l menm ap fè lwanj li.
29 L'ap di li: - Mwen konnen anpil fanm ki moutre vanyan yo. Men, pou ou menm, nanpwen tankou ou!
Références croisées
Ct 6:8-9 Ep 5:27
30 Bèl fanm pa di bon madanm. Bèl figi pa la pou lontan. Men y'a fè lwanj fanm ki gen krentif pou Senyè a.
31 Ba li sa ki pou li. Travay li ap pale pou li.

Référencé par 1

Références croisées: OpenBible.info · CC BY 4.0

chevron_left Chapitre Précédent 31 / 31 Chapitre Suivant chevron_right

Verset du Jour

"Ta parole est une lampe à mes pieds, et une lumière sur mon sentier."

— Psaume 119:105

Voir le verset complet →

Sauvegardez vos versets, rejoignez votre congrégation

S'inscrire gratuitement arrow_forward
auto_stories

Créez un compte gratuit pour sauvegarder

S'inscrire