chevron_left chevron_right

2 Korentyen Chapit 13

Vèsyon Kreyòl Fasil

1 Sa fè twazyèm fwa m ap vin vizite nou. Sonje: “tout akizasyon ki gen valè bezwen gen de ou twa temwen ki konfime l.”

2 Dezyèm fwa mwen te lakay nou an, mwen te gen tan avèti moun ki te peche yo. Menm lè mwen pa prezan pami nou, mwen ta vle avèti tout moun ki nan peche depi lontan oubyen kounye a yo: lè m vini, mwen p ap menaje nou.

3 Sa ap sèvi yon bon prèv pou tout moun ki gen dout se pòtpawòl Kris la mwen ye. Kris pa manke fòs lè l ap aji pou nou, okontrè li manifeste puisans pami nou.

4 Se vre Kris la te fèb lè yo te klouwe l sou lakwa, men kounye a, li vivan gras a puisans Bondye. Nou menm tou, nou fèb poutèt nou fè youn ak Kris. Men n ap vivan nan li menm, pa mwayen pouvwa Bondye, lè nou va reyini ansanm avè l.

5 Egzamine tèt nou, gade pou nou wè si n ap viv nan lafwa. Èske se konnen nou pa konnen Jezikris ap viv nan nou? Si nou pa pase tèt nou egzamen lafwa sa a, Jezikris ta sipoze p ap viv nan nou.

6 Antouka, nou espere pandan w ap fè pwòp egzamen w lan, ou gen tan reyalize nou menm, nou reyisi nan egzamen an deja.

7 N ap priye Bondye pou ou pa fè anyen ki mal. Sousi prensipal nou, se pa pou nou gen rezon, men se pou n pratike sa ki byen, menm si, nan ka sa a, li ta sanble se nou ki echwe egzamen an.

8 Nou pa ka fè anyen kont verite a, men nou dwe toujou kanpe pou verite a.

9 Nou kontan lè nou fèb epi ou menm ou fò. E n ap priye pou ou grandi rive nan matirite.

10 Mwen ekri nou tout bagay sa yo depi anvan m vini. Konsa, lè m vini mwen p ap bezwen sèvi ak otorite m pou bay moun pinisyon. Otorite Senyè a ban mwen, se pou m konstwi, se pa pou m detwi.

11 Kounye a frè m ak sè m yo, m ap fini lèt la: Se pou nou gen yon kè kontan k ap debòde. Fè sa n ap fè nan ladwati. Fè sa m mande nou pou nou fè yo. Mete tèt nou ansanm. Viv nan lapè. Epi Bondye lanmou ak lapè a ap akonpanye nou.

12 Se pou nou bay youn lòt yon bèl akolad. Tout pèp Bondye a ki kote m ye voye salitasyon pou nou.

13 Se pou gras Jezikris Senyè a, lanmou Bondye, ak kominyon Sentespri a rete avèk nou tout.

chevron_left Chapit Anvan 13 / 13 Pwochen Chapit chevron_right

Vèsè Jou a

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Wè vèsè konplè →

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove vèsè yo

Enskri