1 Jan 1
Vèsyon Kreyòl Fasil
1 Nou vle pale w de Pawòl ki bay lavi a, sila a ki te la okòmansman an. Se li menm nou te tande epi nou te wè ak pwòp je nou. Nou te wè kijan l te aji, epi men nou te touche l.
2 Wi, sila ki se lavi a, li te parèt aklè devan nou. Nou te wè l, epi kon sa nou ka pale lòt yo de li. Kounye a, n ap anonse w li. Li se lavi etènèl ki te nan Bondye Papa a epi ki te parèt aklè devan nou.
3 Wi, se sa nou te wè ak sa nou te tande, n ap di w la a, paske nou vle w genyen kominyon ak nou. Kominyon nou genyen an, se avèk Bondye Papa a ansanm ak Pitit li, Jezikris.
4 N ap ekri w bagay sa yo pou w kapab gen kè kontan nèt ale ak nou.
5 Men sa mesaj Jezikris voye a te di: Bondye se limyè. Nan Li, pa gen pyès fènwa.
6 Konsa, si nou di nou gen kominyon ak Li epi n ap mennen tèt nou tankou moun ki nan fènwa, n ap bay manti epi nou p ap mete verite a an pratik.
7 Si n ap mache nan limyè, paske Bondye nan limyè, n ap gen bon jan relasyon youn ak lòt epi san sakrifis Jezikris, pitit Bondye a, ap netwaye tout peche nou yo epi l ap fè nou pwòp.
8 Si nou di nou inosan pou sa ki gen pou wè ak peche, n ap twonpe tèt nou epi nou rejte verite a.
9 Si nou konfese peche nou yo bay Bondye, li fidèl epi li dwat, l ap padone nou epi l ap netwaye nou de tout sa nou te fè ki pa bon.
10 Si nou di nou pa janm fè peche, nou fè l tounen yon moun k ap bay manti epi tou nou rejte ansèyman li a.
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol