Jòb Capítulo 11
Bible en Créole Haïtien (BSA)
2
“Èske fòs kantite pawòl sa yo dwe pase san repons? Eske yon nonm pale anpil vin akite?
3
Èske se akoz ògèy ou ke moun ta dwe rete san pale? Lè ou moke, èske nanpwan moun ki pou fè ou wont?
4
Paske ou te di ‘Lenstriksyon pa m san fot, e mwen inosan nan zye Ou.’
5
Men fòk Bondye ta pale e ouvri bouch Li kont ou,
6
pou montre ou sekrè a sajès! Paske sajès ki bon gen de bò. Alò, konnen byen ke Bondye pa t egzije tout sa inikite ou merite.
7
“Èske ou kab dekouvri pwofondè a Bondye? Èske ou kab twouve lizyè a Toupwisan an?
8
Yo wo tankou syèl la; kisa ou kab fè? Yo pi fon ke sejou lanmò yo, kisa ou kab konnen?
9
Mezi li pi long ke latè, e pi laj pase lanmè.
10
Si Li pase pa la, oswa fèmen la nèt, oswa konvoke yon asanble, kilès kap anpeche Li?
11
Paske Li konnen moun ki fò, e Li wè inikite menm san fè ankèt.
12
Yon moun ensanse va vin entèlijan lè pòtre a yon bourik mawon fèt kon yon moun.
13
“Si ou ta vle vin bon, dirije kè ou e lonje men ou vè Li.
14
Si se inikite ki nan men ou, mete l byen lwen. Pa kite mechanste demere nan tant pa ou.
15
Konsa, anverite, ou ta kab leve figi ou wo san tach. Wi, ou va fidèl nèt e pa oblije gen lakrent.
16
Konsa ou va bliye twoub ou a. Ou va sonje l tankou dlo ki fin pase. Se konsa ou ta kab sonje li.
17
Lavi ou va pi klè ke midi; malgre gen fènwa a, lap tankou maten.
18
Ou va vin gen konfyans, akoz gen espwa. Epi ou va gade toupatou e repoze ou an sekirite.
19
Ou va kouche dòmi e okenn moun pa p deranje ou. Wi, anpil moun va mande favè ou.
20
Men zye a mechan yo va gate, e p ap gen chape pou yo. Pou yo, espwa va pou yo kab rann dènye souf yo.”
Referências cruzadas: OpenBible.info · CC BY 4.0
Versículo do Dia
"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."
— Salmo 119:105
Ver versículo completo →Salve seus versículos, junte-se à sua congregação
Cadastre-se grátis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol