chevron_left chevron_right

Sòm Capítulo 101

Bible en Créole Haïtien (BSA)

1 Mwen va chante de lanmou dous avèk jistis. A Ou menm, O SENYÈ, mwen va chante lwanj.

2 Mwen va prete atansyon a chemen san repwòch la. Kilè Ou va vini kote mwen? Mwen va mache anndan lakay mwen ak entegrite nan kè m.

3 Mwen p ap mete okenn vye bagay devan zye m. Mwen rayi zèv a sila ki chite yo. Sa p ap tache men l sou mwen.

4 Yon kè ki pèvès va oblije kite prezans mwen. Mwen p ap aksepte konnen okenn mal.

5 Nenpòt moun ki bay vwazen li kout lang an sekrè, li menm, mwen va detwi. Nenpòt moun ak rega awogan oswa ògèy, mwen p ap sipòte li.

6 Zye m va sou fidèl a peyi a pou yo kab rete avè m. Sila ki mache nan chemen san fot la, se li menm ki va sèvitè mwen.

7 Sila ki pratike manti p ap rete lakay mwen. Sila ki bay manti p ap kenbe pozisyon li devan m.

8 Chak maten mwen va detwi tout mechan nan peyi yo, Pou m kab koupe retire nan vil SENYÈ a, tout moun ki fè inikite yo.

Versículo do Dia

"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Salve seus versículos, junte-se à sua congregação

Cadastre-se grátis arrow_forward
auto_stories

Crie uma conta grátis para salvar versículos

Cadastrar