chevron_left chevron_right

Sòm Capítulo 76

Bible en Créole Haïtien (BSA)

1 Bondye byen rekonèt nan Juda. Non Li gran an Israël.

2 Tabènak Li a nan Salem. Abitasyon Li an osi nan Sion.

3 La, Li te kase flèch dife yo, boukliye ak nepe ak zam lagè yo.

4 Ou manyifik, pi majeste pase mòn ak bèt lachas yo.

5 Sila ak gran kouraj yo te piyaje, yo te fonse tonbe nan dòmi mò a. Okenn nan gèrye yo ka sèvi men yo.

6 Nan repwòch Ou, O Bondye Jacob, ni chevalye yo ak cheval la te tonbe nan yon pwofon somèy.

7 Ou menm, Ou merite lakrent. Se kilès ki kab kanpe nan prezans Ou lè Ou fache?

8 Ou te fè jijman tande soti nan syèl la. Latè te krent, e te kanpe rete an plas

9 lè Bondye te leve nan jijman an, pou sove tout enb sou latè yo. Tan

10 Paske kòlè a lòm va bay Ou glwa. Se retay kòlè pa W, ki sispann fè mal.

11 Fè ve Ou yo a SENYÈ a, Bondye Ou a e akonpli yo. Kite tout sila ki antoure Li yo mennen don a Sila ki merite lakrent lan.

12 Li va koupe retire nanm a prens yo. Wa latè yo gen lakrent Li.

Versículo do Dia

"Tua palavra é lâmpada para os meus pés e luz para o meu caminho."

— Salmo 119:105

Ver versículo completo →

Salve seus versículos, junte-se à sua congregação

Cadastre-se grátis arrow_forward
auto_stories

Crie uma conta grátis para salvar versículos

Cadastrar