Sòm Chapter 56
Bible en Créole Haïtien (BSA)
1 Fè m gras, O Bondye, paske lòm fin foule m anba pye; Nan goumen tout lajounen, li vin oprime mwen.
2 Lènmi m yo vle vale m tout lajounen. Yo anpil! Tout sila ki goumen ak ògèy kont mwen yo.
3 Lè mwen pè, mwen va mete konfyans nan Ou.
4 Nan Bondye, mwen fè lwanj pawòl Li! Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
5 Tout lajounen, yo tòde pawòl mwen yo. Tout panse yo kont mwen se pou mal.
6 Yo atake, yo kache, yo veye pa mwen yo. Y ap tann pou rache lavi m.
7 Akoz mechanste sa a, jete yo deyò. Nan kòlè Ou, fè desann moun sa yo, O Bondye!
8 Ou te byen konte tout egare mwen fè. Mete tout gout dlo ki sòti nan zye m yo nan boutèy Ou. Èske yo tout pa ekri nan liv Ou a?
9 Konsa, lènmi mwen yo va vire fè bak nan jou ke m rele a. Men sa m byen konnen: Bondye pou mwen.
10 Nan Bondye, ma louwe pawòl li. Nan SENYÈ a, ma louwe pawòl li.
11 Nan Bondye, mwen te mete konfyans mwen. Mwen p ap pè. Kisa lòm ka fè m?
12 Ve Ou yo mare sou mwen, O Bondye. Mwen va rann ofrann remèsiman a Ou menm.
13 Paske Ou te delivre nanm mwen soti nan lanmò. Ou te anpeche pye mwen glise tonbe, pou m ta kab mache devan Bondye nan limyè a moun vivan yo.
Verse of the Day
"Your word is a lamp for my feet, a light on my path."
— Psalm 119:105
See full verse →Save your verses, join your congregation
Sign up free arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol