Sòm Chapter 70
Bible en Créole Haïtien (BSA)
1
O Bondye, fè vit pou delivre mwen. O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou!
2
Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye. Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè.
3
Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.
4
Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan: “Kite Bondye egzalte”.
5
Men mwen aflije e mwen nan nesesite. Fè vit vin kote mwen, O Bondye! Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen. O SENYÈ, pa mize.
Cross-references: OpenBible.info · CC BY 4.0
Verse of the Day
"Your word is a lamp for my feet, a light on my path."
— Psalm 119:105
See full verse →Save your verses, join your congregation
Sign up free arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol