Sòm Chapter 70
Haitian Contemporary Version
1 (2) Delivre m non, Bondye! Prese vin pote m sekou, Senyè!
2 (3) Moun k'ap chache touye m yo, se pou yo wont, se pou yo pa ka leve tèt yo. Moun ki anvi wè malè rive mwen, se pou yo renka kò yo, se pou yo wont.
3 (4) Moun k'ap lonje dwèt sou mwen yo, se pou sezisman pran yo sitèlman yo wont.
4 (5) Men, tout moun ki vin jwenn ou, se pou yo kontan, se pou yo fè fèt. Tout moun ki renmen jan ou delivre yo a, se tout tan pou yo di: Bondye gen gwo pouvwa!
5 (6) Pou mwen menm, se yon pòv malere san sekou mwen ye. Men ou menm, prese vin delivre m! Se ou ki tout sekou mwen, se ou ki tout delivrans mwen. Prese non, Senyè!
Verse of the Day
"Your word is a lamp for my feet, a light on my path."
— Psalm 119:105
See full verse →Save your verses, join your congregation
Sign up free arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol