Sòm Chapter 137
Haitian Contemporary Version
1
Nou te chita bò larivyè ki nan peyi Babilòn yo, nou t'ap kriye lè nou chonje peyi Siyon.
2
Nou te pandye gita nou yo nan branch pye sikren peyi a.
3
Moun ki te fè nou prizonye yo t'ap mande pou nou chante pou yo. Moun ki t'ap peze nou yo t'ap mande pou nou anmize yo: — Chante yon chante peyi Siyon pou nou non!
4
Ki jan ou ta vle pou n chante yon chante Senyè a nan yon peyi etranje?
5
Si nou bliye ou, Jerizalèm. Se pou nou bliye ki jan pou nou sèvi ak men dwat nou tou.
6
Si nou pa chonje ou, si nou pa konsidere ou tankou pi gwo kontantman nou, se pou lang nou kole nan fon bouch nou.
7
Senyè, chonje sa moun peyi Edon yo te fè jou yo te pran lavil Jerizalèm. Chonje jan yo t'ap di: Kraze l! Kraze l ratè!
8
Nou menm moun lavil Babilòn, yo gen pou yo fini ak nou yon lè. Benediksyon pou moun ki va fè ou sibi menm bagay ou te fè nou sibi a.
9
Benediksyon pou moun ki va pran pitit ou yo, ki va kraze yo sou gwo wòch!
Cross-references: OpenBible.info · CC BY 4.0
Verse of the Day
"Your word is a lamp for my feet, a light on my path."
— Psalm 119:105
See full verse →Save your verses, join your congregation
Sign up free arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol