chevron_left chevron_right

Sòm Chapter 100

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Nou tout ki rete sou latè, chante pou Bondye sitèlman nou kontan.

2 Fè sèvis pou Senyè a ak kè kontan! Vini non! Fè fèt devan li!

3 Pa janm bliye: Senyè a, se Bondye li ye. Se li menm ki fè nou, se pou li nou ye. Se pèp li nou ye, mouton ki nan savann li.

4 Antre nan Tanp li, di l mèsi! Antre kote ki apa pou li a, chante pou li! Wi, fè lwanj li, di l mèsi!

5 Senyè a gen bon kè, li p'ap janm sispann renmen nou. De pitit an pitit, l'ap toujou kenbe pawòl li.

Verse of the Day

"Your word is a lamp for my feet, a light on my path."

— Psalm 119:105

See full verse →

Save your verses, join your congregation

Sign up free arrow_forward
auto_stories

Create a free account to save verses

Sign up