Sòm Chapter 129
Haitian Contemporary Version
1
(1b) Nou menm, pèp Izrayèl se pou nou rekonèt sa: Yo te fè nou pase kont mizè nou depi nou te jenn.
2
Wi, depi nou te jenn, yo te fè nou pase kont mizè nou, men yo pat janm rive mete pye sou kou nou.
4
Men, Senyè a pa nan patipri, li koupe kòd mechan yo te pase nan kou nou.
5
Moun ki pa vle wè moun Siyon yo, se pou yo wont, se pou yo fè bak.
6
Se pou yo tankou plant k'ap pouse arebò glasi: y'ap cheche anvan menm yo donnen.
7
Moun k'ap ranmase rekòt p'ap okipe yo menm, moun k'ap antre rekòt la p'ap mete yo nan pakèt li.
8
Moun k'ap pase bò la yo p'ap di: — Se pou Senyè a beni nou! N'ap beni ou nan non Senyè a!
Cross-references: OpenBible.info · CC BY 4.0
Verse of the Day
"Your word is a lamp for my feet, a light on my path."
— Psalm 119:105
See full verse →Save your verses, join your congregation
Sign up free arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol