chevron_left chevron_right

Sòm Chapter 30

Haitian Contemporary Version

1 (2) M'ap fè lwanj ou, Senyè, paske ou mete m sou de pye m ankò, paske ou pa bay lènmi m yo chans pou yo pase m nan rizib.

2 (3) Senyè, Bondye mwen, mwen rele nan pye ou, epi ou geri mwen.

3 (4) Ou rale m sòti nan bouch twou a. Ou ban m lavi ankò, ou pa kite m mouri.

4 (5) Nou tout ki renmen Senyè a, fè lwanj li! Chonje sa l te fè. Li pa tankou tout moun. Di l mèsi.

5 (6) Paske, lè li ankòlè, se pou yon ti tan. Men, li ban nou favè l pou tout tan n'ap viv. Lannwit nou kriye, Kou l jou, kè nou kontan.

6 (7) Mwen te santi kè m poze, se sa k fè mwen t'ap di: — Anyen p'ap janm rive m.

7 (8) Senyè, ou fè m favè, ou mete m chita sou yon mòn byen wo. Men, kou ou vire do ban mwen, kè m kase.

8 (9) Mwen te kriye nan pye ou, Senyè. Mwen te mande ou sekou.

9 (10) Si ou kite yo touye m, sa sa ap fè pou ou? Si ou kite m ale anba tè, sa sa ap rapòte ou? Eske moun mouri ka fè lwanj ou? Eske yo ka mache di jan ou toujou kenbe pawòl ou?

10 (11) Koute m non, Senyè! Gen pitye pou mwen! Senyè, pote m sekou!

11 (12) Ou siye dlo nan je m, ou fè kè m kontan anpil. Ou wete rad dèy ki te sou mwen an, ou ban m yon bèl rad mete sou mwen pou m fè fèt.

12 (13) Mwen p'ap rete ak bouch mwen fèmen, m'ap chante lwanj ou. Senyè, se ou menm ki Bondye mwen! Se tout tan tout tan m'ap di ou mèsi.

Verse of the Day

"Your word is a lamp for my feet, a light on my path."

— Psalm 119:105

See full verse →

Save your verses, join your congregation

Sign up free arrow_forward
auto_stories

Create a free account to save verses

Sign up