chevron_left chevron_right

Sòm Chapter 3

Haitian Contemporary Version

1 (2) Senyè, ala anpil lènmi m yo anpil! Ala anpil moun k'ap leve dèyè m yo anpil!

2 (3) Ala anpil moun k'ap pale sou mwen yo anpil! Y'ap di: Aa! Bondye p'ap delivre l!

3 (4) Men ou menm, Senyè, w'ap toujou pran defans mwen. W'ap fè m genyen batay la. Ou p'ap kite m wont devan lènmi m yo.

4 (5) Mwen rele Senyè a ak tout fòs mwen. Li rete sou mòn ki apa pou li a, li reponn mwen.

5 (6) Mwen kouche, mwen dòmi, mwen leve anbyen, paske Senyè a ap soutni mwen.

6 (7) Mwen pa pè tout kantite moun sa yo ki sènen m toupatou.

7 (8) Leve non, Senyè! Sove m non, Bondye mwen! Ou bay tout lènmi m yo yon souflèt. Ou kase dan mechan yo.

8 (9) Se ou menm sèl, Senyè, ki ka sove nou. Beni tout pèp ou a.

Verse of the Day

"Your word is a lamp for my feet, a light on my path."

— Psalm 119:105

See full verse →

Save your verses, join your congregation

Sign up free arrow_forward
auto_stories

Create a free account to save verses

Sign up