chevron_left chevron_right

Sòm Chapter 53

Haitian Contemporary Version

1 (2) Moun fou di nan kè yo: — Pa gen Bondye! Yo tout fin pouri. Y'ap fè yon bann mechanste. Pa gen yonn ki fè sa ki byen.

2 (3) Bondye rete nan syèl la, l'ap gade lèzòm anba, pou l wè si gen ladan yo ki gen konprann, si gen ladan yo k'ap chache l.

3 (4) Men, yo tout vire do bay Bondye. Yo tout yo mete tèt ansanm pou fè sa ki mal. Pa gen yonn ladan yo k'ap fè sa ki byen, non, pa menm gen yon sèl ladan yo.

4 (5) Bondye di: — Moun sa yo k'ap fè mechanste, se konnen yo pa konnen? Yo rete, y'ap souse pèp mwen an pou yo ka viv. Pa gen yonn ladan yo ki rele non mwen.

5 (6) Men tou, yo pral sezi, yo pral tranble, san pa gen rezon pou yo tranble. Men Bondye pral gaye zo tout lènmi ou yo, w'ap fè yo wont, paske Bondye lage yo.

6 (7) Oo! Kilè Bondye va sòti sou mòn Siyon an pou l delivre pèp Izrayèl li a? Lè Bondye va fè pèp li a kanpe ankò, pitit pitit Jakòb yo pral fè fèt. Se vre wi, pèp Izrayèl la pral kontan.

Verse of the Day

"Your word is a lamp for my feet, a light on my path."

— Psalm 119:105

See full verse →

Save your verses, join your congregation

Sign up free arrow_forward
auto_stories

Create a free account to save verses

Sign up