1 Kwonik Chapit 25
Bible en Créole Haïtien (BSA)
1
Anplis, David avèk kòmandan lame yo te mete apa pou sèvis kèk nan fis a Asaph yo, Héman ak Jeduthun pou pwofetize avèk gita yo, ap ak senbal; epi fòs kantite moun ki te fè sèvis pa yo se te:
2
Nan fis a Asaph yo: Zaccur, Joseph, Nethania avèk Aschareéla; fis a Asaph yo te anba direksyon a Asaph, ki te pwofetize anba direksyon a wa a.
3
Selon Juduthun, fis a Juduthun yo: Guedalia, Tseri, Ésaïe, Haschabia, Matthithia avèk Schimeï, sis, anba direksyon a papa yo, Juduthun, avèk ap la, ki te konn pwofetize nan bay remèsiman avèk lwanj SENYÈ a.
4
Selon Héman, fis a Héman nan: Bukkija, Matthania, Uziel, Schebuel, Jerimoth, Hanania, Hanani, Éliatha, Guiddalthi, Romamthi-Ézer, Joschbekascha, Mallòthi, Hothir, Machazioth.
5
Tout sila yo te fis a Héman yo, konseye a wa a ki pou bay li ekspiyasyon selon pawòl a Bondye; paske Bondye te bay katòz fis ak twa fi a Héman.
6
Tout te anba direksyon a papa yo pou chante lakay SENYÈ a, avèk senbal, ap ak gita yo, pou sèvis kay Bondye a. Asaph, Jeduthun avèk Héman te anba direksyon wa a.
7
Fòs kantite nan yo ki te prepare kon chantè a SENYÈ yo, avèk manm fanmi pa yo, tout te byen abil, te de-san-katreven-di-zuit.
Referans kwaze
1Kw 23:5
8
Yo te tire osò pou travay tach yo, tout menm jan an, piti kon gran, pwofesè kon elèv.
9
Alò, premye tiraj osò a te tonbe a Asaph pou Joseph, dezyèm nan pou Guedalia, li menm, fanmi li ak fis pa li yo te fè douz;
10
Twazyèm nan a Zaccur, fis li yo avèk fanmi li, douz;
11
katriyèm nan a Jìtseri, fis li yo avèk fanmi li, douz;
12
senkyèm nan a Nethania, fis li yo avèk fanmi li, douz;
13
sizyèm nan a Bukkija, fis li yo avèk fanmi li, douz;
14
setyèm nan a Jesareéla, fis li yo avèk fanmi li, douz;
15
uityèm nan a Ésaïe, fis li yo avèk fanmi li, douz;
16
nevyèm nan a Matthania, fis li yo avèk fanmi li, douz;
17
dizyèm nan a Schimeï, fis li yo avèk fanmi li, douz;
18
onzyèm nan a Azareel, fis li yo avèk fanmi li, douz;
19
douzyèm nan a Haschabia, fis li yo avèk fanmi li, douz;
20
trèzyèm nan a Schubaël, fis li yo avèk fanmi li, douz;
21
katòzyèm nan a Matthithia, fis li yo avèk fanmi li, douz;
22
kenzyèm nan a Jerémoth, fis li yo avèk fanmi li, douz;
23
sèzyèm nan a Hanania, fis li yo avèk fanmi li, douz;
24
di-setyèm nan a Joschbekascha, fis li yo avèk fanmi li, douz;
25
di-zuityèm nan a Hanani, fis li yo avèk fanmi li, douz;
26
diz-nevyèm nan a Mallothi, fis li yo avèk fanmi li, douz;
27
ventyèm nan a Élijatha, fis li yo avèk fanmi li, douz;
28
ven-te-inyèm nan a Hothir, fis li yo avèk fanmi li, douz;
29
venn-dezyèm nan a Guiddalthi, fis li yo avèk fanmi li, douz;
30
venn-twazyèm nan a Machazioth, fis li yo avèk fanmi li, douz;
31
venn-katriyèm nan a Romamthi-Ézer, fis li yo avèk fanmi li, douz.
Refere pa 20
Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol