Sòm Chapit 1
Bible en Créole Haïtien (BSA)
1 Beni se nonm ki pa mache nan konsèy mechan yo ni kanpe nan pa pechè yo, ni chita nan chèz mokè yo,
2 men gran plezi li se nan lalwa SENYÈ a. Sou lalwa Li, li reflechi lajounen kon lannwit.
3 Li va tankou yon pyebwa ki plante bò kote flèv dlo ki bay fwi li nan sezon li. Fèy li p ap janm fane, e tout sa li fè byen reyisi.
4 Mechan yo pa konsa. Yo tankou pay ke van an pouse ale.
5 Pou sa, mechan yo p ap kanpe nan chèz jijman an, ni pechè yo nan asanble ak moun dwat yo.
6 Paske SENYÈ a konnen chemen a sila ki dwat yo, men chemen a mechan yo va disparèt.
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol