MyMinistries.app
chevron_left chevron_right

Sòm Chapit 26

Bible en Créole Haïtien (BSA)

1 Fè m jistis, O SENYÈ, paske mwen te mache nan entegrite mwen. Mwen te mete konfyans mwen nan SENYÈ a san varye.
2 Chache anndan m, O SENYÈ, e pase mwen a leprèv. Sonde panse mwen avèk kè m.
3 Paske lanmou dous Ou a devan zye m. Mwen te mache nan verite Ou.
4 Mwen pa chita avèk mesye k ap twonpe moun yo. Ni mwen pa pale avèk sila k ap pran poz yo.
5 Mwen rayi asanble malfektè yo, e mwen pa chita avèk mechan yo.
6 Mwen va lave men m nan inosans, e mwen va antoure lotèl Ou, O SENYÈ,
7 pou m kapab pwoklame avèk vwa remèsiman a, e deklare tout mèvèy Ou yo.
8 O SENYÈ, Mwen renmen abitasyon lakay Ou, avèk kote ke glwa Ou rete a.
9 Pa retire nanm mwen ansanm avèk pechè yo, ni lavi m avèk mesye ki vèse san yo,
10 nan men a sila ki gen manèv mechan yo, ki nan mechanste pote kado vèse anba tab yo.
11 Men pou mwen, mwen va mache nan entegrite mwen. Delivre mwen e fè m gras.
12 Pye m kanpe sou yon plas byen plat. Nan asanble a, mwen va beni SENYÈ a.

Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0

Vèsè Jou a

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Wè vèsè konplè →

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove vèsè yo

Enskri