Sòm Chapit 70
Bible en Créole Haïtien (BSA)
1 O Bondye, fè vit pou delivre mwen. O SENYÈ, fè vit pou ban m sekou!
2 Kite sila k ap chache lavi m yo vin wont e imilye. Kite sila ki pran plezi nan fè m mal yo vire fè bak ak dezonè.
3 Kite sila ki di: “ah, ah!” yo vire fè bak akoz wont yo.
4 Kite tout moun k ap chache Ou yo rejwi e fè kè kontan nan Ou. Kite sila ki renmen sali Ou yo di tout tan: “Kite Bondye egzalte”.
5 Men mwen aflije e mwen nan nesesite. Fè vit vin kote mwen, O Bondye! Se Ou menm ki sekou mwen ak delivrans mwen. O SENYÈ, pa mize.
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol