chevron_left chevron_right

Sòm Chapit 41

Bible en Créole Haïtien (BSA)

1 A la beni sila ki konsidere ka malere a beni! SENYÈ a va delivre li nan jou twoub li.

2 SENYÈ a va pwoteje li e fè l viv. Li va rele beni sou latè a. Ni li p ap livre a volonte lènmi li yo.

3 SENYÈ a va bay li soutyen lè l malad sou kabann nan. Nan maladi li, li va restore li a lasante.

4 Konsa, pou mwen, mwen te di: “O SENYÈ, fè m gras. Geri nanm mwen paske mwen te peche kont Ou.”

5 Lènmi m yo pale mal kont mwen: “Kilè l ap mouri pou non li disparèt?”

6 Si li vin wè m, li bay manti. Kè li ranmase mechanste pou kont li. Lè l sòti deyò, li pale sa.

7 Tout sila ki rayi mwen yo soufle ti pawòl nan zòrèy youn lòt. Kont mwen, yo fè plan pou donmaje mwen epi yo di:

8 “Yon bagay mechan gen tan pran l, pou lè l kouche, pou l pa leve ankò.”

9 Menm zanmi ki te pre m nan, nan sila mwen te mete konfyans la, li ki te manje pen mwen, te leve talon li kont mwen.

10 Men Ou menm, O SENYÈ, fè m gras e fè m leve pou m kab bay yo rekonpans yo.

11 Se konsa mwen konnen ke Ou pran plezi nan mwen. Akoz lènmi mwen an pa kriye viktwa sou mwen.

12 Pou mwen menm, Ou soutni mwen nan entegrite m, epi Ou mete mwen nan prezans Ou jis pou tout tan.

13 Beni se SENYÈ a, Bondye Israël la, soti pou tout tan, jis rive pou tout tan. Amen e amen.

Vèsè Jou a

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Wè vèsè konplè →

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove vèsè yo

Enskri