Sòm Chapit 41
Haitian Contemporary Version
1
(2) Ala bon sa bon pou moun ki pran ka pòv yo! Senyè a va delivre l lè l'a nan tray.
2
(3) Senyè a va pwoteje l, li p'ap kite l mouri. L'ap fè l viv ak kè kontan sou latè, li p'ap lage l nan men lènmi l yo pou yo fè sa yo vle avè l.
3
(4) Senyè a va ba l fòs lè maladi fè l pran kabann. Senyè a va ba l gerizon lè li malad kouche.
4
(5) Mwen menm, mwen te di: Senyè, gen pitye pou mwen. Geri mwen, paske mwen te peche kont ou.
5
(6) Lènmi m yo ap pale m mal. Y'ap di: Kilè l'a mouri? Kilè y'a bliye l?
6
(7) Moun ki vin wè m yo, se yon bann ipokrit. Se ranmase yo vin ranmase tout kalite move nouvèl. Sòti yo sòti, yo pwonmennen rakonte yo toupatou.
7
(8) Tout moun ki pa vle wè m yo mete tèt yo ansanm pou pale nan zòrèy sou mwen. Yo kwè m fini, nanpwen renmèd pou mwen. Y'ap fè yon pakèt vye lide sou mwen.
8
(9) Y'ap di: Mesye kondannen. Kote l kouche a, nanpwen leve pou li ankò.
9
(10) Ata pi bon zanmi m lan, moun mwen te fè konfyans anpil la, moun ki te konn manje nan menm plat avè m lan, ata li menm, li trayi m.
10
(11) Men ou menm, Senyè, gen pitye pou mwen. Mete m sou de pye m ankò, pou m ka ba yo sa yo merite.
Referans kwaze
Lik 19:27
11
(12) M'a konnen ou kontan avè m vre si m wè lènmi m yo pa banboche sou do m.
12
(13) Wi, w'ap soutni m, paske mwen pa fè anyen ki mal. W'ap fè m kanpe la devan ou pou tout tan.
13
(14) Ann fè lwanj Senyè a, Bondye pèp Izrayèl la. Ann fè lwanj li pou tout tan. Amèn! Se vre!
Refere pa 9
Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol