Sòm Chapit 15

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Senyè, ki moun ki ka rete lakay ou a? Ki moun ki ka viv sou mòn ki apa pou ou a?

2 Se moun ki fè volonte Bondye nan tout bagay, ki toujou fè sa ki byen. Se moun ki pale verite a jan l ye nan kè li,

3 ki pa nan bay moun kout lang. Se moun ki p'ap fè zanmi l yo anyen ki mal, ki p'ap mache fè tripotay sou vwazinay.

4 Li meprize tout moun Bondye vire do bay, men, li respekte tout moun ki gen krentif pou Senyè a. Li toujou kenbe pawòl li, menm si sa koute l chè.

5 Li prete moun san mande enterè. Li p'ap pran lajan anba pou l bay manti sou moun ki inonsan. Moun ki fè bagay sa yo p'ap janm tonbe!

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis