Sòm Chapit 85

Haitian Contemporary Version

1 (2) Senyè, ou te bon pou peyi ou la! Ou te mennen pitit Jakòb ki te prizonye yo tounen!

2 (3) Ou te padonnen tou sa yo te fè ki mal, ou te efase tout peche yo.

3 (4) Ou pat fache sou yo ankò! Ou te sispann fè kòlè sou yo!

4 (5) Mete nou kanpe sou de pye nou ankò! O Bondye, ou menm ki delivrans nou! Ou pa bezwen fache sou nou ankò!

5 (6) Eske w'ap toujou rete fache sou nou? Eske ou p'ap janm byen ak nou ankò?

6 (7) Eske ou p'ap ban nou lavi ankò, pou pèp ou ka fè fèt pou ou?

7 (8) Senyè, fè nou wè jan ou renmen nou! Delivre nou non!

8 (9) M'ap koute sa Senyè, Bondye a, ap di: Li pale ak pèp li a, ak moun ki kenbe l fèm yo, li pwomèt pou l fè yo viv ak kè poze, depi yo pa janm lage kò yo nan fè betiz ankò.

9 (10) Wi, li pare pou l delivre moun ki gen krentif pou li, pou l fè yo santi pouvwa li, pou l toujou la avèk yo.

10 (11) Lè sa a nan peyi a, moun yo yonn va renmen lòt, pèsonn p'ap bay lòt manti ankò. Moun va viv byen yonn ak lòt, pèsonn p'ap fè lòt lenjistis ankò!

11 (12) Sou latè moun p'ap vire do bay Bondye. Bondye menm, bò pa li, va rete nan syèl la, l'a gade anba san patipri.

12 (13) Senyè a va fè nou jwenn tout kalite bon bagay. Jaden nou yo va bay bèl rekòt.

13 (14) Moun k'ap mache dwat yo va pran devan. Kote yo pase moun ap viv byen yonn ak lòt.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis