Sòm Chapit 1
Haitian Contemporary Version
1 Ala bon sa bon pou moun ki pa koute konsèy mechan yo, ki pa swiv egzanp moun k'ap fè sa ki mal, ki pa chita ansanm ak moun k'ap pase Bondye nan betiz,
2 men ki pran tout plezi l nan lalwa Senyè a, k'ap repase l nan tèt li lajounen kou lannwit.
3 Li tankou yon pyebwa yo plante bò kannal dlo: Li donnen lè sezon l rive. Fèy li p'ap janm fennen. Tou sa l fè sòti byen.
4 Men, e p'ap menm bagay pou mechan yo. Yo tankou pay van ap gaye.
5 Se poutèt sa, jou jijman an, mechan yo p'ap ka leve tèt yo devan Bondye, moun ki fè mal yo p'ap chita ansanm ak moun ki fè byen yo.
6 Paske, Senyè a konnen jan moun ki fè byen yo ap viv. Men, jan mechan yo ap viv la, yo gen pou yo fini mal.
Antretan
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri Gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol