Sòm Chapit 13
Haitian Contemporary Version
1
(2) Konbe tan ankò w'a bliye m, Senyè? Gen lè ou bliye m nèt? Konbe tan ankò m'a rete san m pa wè ou?
2
(3) Konbe tan ankò pou m soufri? Konbe tan ankò pou m gen lapenn nan kè mwen, pou m gen lapenn lajounen kou lannwit? Konbe tan ankò lènmi m yo va pilonnen m anba pye yo?
3
(4) Gade m non, Senyè! Reponn mwen non, Bondye mwen! Kenbe m pou m pa mouri.
4
(5) Konsa, moun k'ap pèsekite m yo p'ap ka di: Nou fini avè l! Yo p'ap gen chans wè m tonbe pou yo kontan!
5
(6a) Pou mwen menm, se sou ou mwen konte, paske ou renmen m anpil. Kè m kontan, paske ou delivre mwen.
Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol