Sòm Chapit 75

Haitian Contemporary Version

1 (2) N'ap fè lwanj ou, Bondye! N'ap fè lwanj ou! Se tout tan n'ap nonmen non ou! N'ap fè konnen bèl mèvèy ou fè yo!

2 (3) Bondye di: — Mwen fikse yon dat pou jijman an. Lè sa a, m'a jije jan sa dwe fèt.

3 (4) Nou te mèt wè latè a ansanm ak tout sa k'ap viv sou li yo pran tranble, m'ap kenbe fondasyon li yo byen fèm.

4 (5) M'ap di moun k'ap fè grandizè yo: Sispann gonfle lestonmak nou! M'ap di mechan yo: Sispann fè awogans!

5 (6) Pa gonfle lestonmak nou konsa! Pa fè awogans konsa sou Bondye ki anwo nan syèl la!

6 (7) Jijman an pa sòti bò kote solèy leve a, ni bò kote solèy kouche a. Li pa sòti nan nò ni nan sid.

7 (8) Non. Se Bondye k'ap jije: L'ap bese yonn, l'ap leve yon lòt.

8 (9) Senyè a kenbe yon gode nan men l. Gode a plen divès kalite tranpe ki fèt ak diven. L'ap vide diven bay tout mechan ki sou latè, y'ap bwè, y'ap bwè san yo pa kite yon ti tak.

9 (10) Mwen menm, mwen p'ap janm sispann nonmen non Bondye Jakòb la. Mwen p'ap janm sispann chante pou fè lwanj li.

10 (11) L'a kraze fòs kouray mechan yo. Men, l'ap bay moun ki mache dwat yo plis kouray ankò!

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis