Sòm Chapit 143
Haitian Contemporary Version
1
(1b) Senyè, koute m lè m'ap lapriyè. Panche zòrèy ou pou tande jan m'ap kriye nan pye ou. Reponn mwen, paske ou toujou kenbe pawòl ou. Ou pa nan patipri.
2
Pa jije m sou sa m fè, se sèvitè ou mwen ye. Pa gen moun ki inonsan devan je ou.
3
Lènmi pousib mwen, li mache sou mwen. Li fè m rete nan fènwa tankou moun ki mouri depi lontan.
4
Mwen santi mwen pa kapab ankò! Mwen boulvèse anpil.
5
Mwen chonje tan lontan, m'ap kalkile tou sa ou te fè. Tou sa ou te fè yo vin nan tèt mwen ankò.
6
Mwen louvri bra m devan ou, mwen lapriyè. M'ap tann ou tankou tè sèk k'ap tann lapli.
7
Senyè, prese vin reponn mwen. Mwen pa kapab ankò! Pa vire do ban mwen. Si ou fè sa, m'ap tankou moun ki desann nan peyi kote mò yo ye a.
8
Mwen mete konfyans mwen nan ou. Depi granmaten, fè m chonje jan ou renmen m anpil. Se ou menm m'ap lapriyè. Moutre m chemen pou m pran an.
9
Se anba zèl ou m'ap chache pwoteksyon. Tanpri, delivre m anba lènmi m yo.
10
Se ou menm ki Bondye mwen. Moutre m jan pou m fè sa ou vle m fè a. Jan ou gen bon kè, fè lespri ou mennen m nan chemen ki pa gen move pa.
11
Senyè, poutèt non ou pote a, ban m lavi ankò. Ou menm ki pa nan patipri, tanpri, wete m nan tray kote m ye a.
12
Ou renmen m anpil. Fè tout lènmi m yo disparèt. Detwi tout moun k'ap peze m yo, paske se sèvitè ou mwen ye.
Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol