Sòm Chapit 44
Haitian Contemporary Version
1 (2) Bondye, nou te tande ak zòrèy nou tout gwo bagay ou te fè nan tan lontan. Wi, granmoun nou yo te rakonte nou tou sa ou te fè pou yo nan tan lontan.
2 (3) Yo di nou se avèk fòs kouray ou ou te chase moun lòt nasyon yo, pou ou te kapab tabli yo nan peyi a. Yo di nou jan ou te maltrete anpil lòt nasyon pou ou te ka fè plas pou zansèt nou yo.
3 (4) Se pat avèk nepe pèp ou a te pran peyi a, se pat fòs ponyèt yo ki te fè yo genyen batay la. Men, se te pouvwa ou ak fòs ponyèt pa ou ki te penmèt yo fè tou sa. Ou te la avèk yo pou ba yo kouray. Ou te fè tou sa paske ou renmen yo.
4 (5) Se ou ki wa mwen, se ou ki Bondye mwen. Fè pitit Jakòb yo jwenn delivrans.
5 (6) Avèk pouvwa ou, nou kilbite lènmi nou yo. Avèk ou menm ki la avèk nou an, n'ap kraze moun ki leve dèyè nou yo.
6 (7) Mwen p'ap mete konfyans mwen nan banza. Se pa nepe m ki pou delivre m.
7 (8) Se ou menm ki te delivre nou anba lènmi nou yo. Ou fè moun ki pat vle wè nou yo wont.
8 (9) Se chak jou n'ap fè lwanj ou. Se tout tan n'ap nonmen non ou, n'ap di ou mèsi.
9 (10) Men kounye a, Bondye, ou vire do ban nou, ou fè nou pran wont, ou pa sòti ansanm avèk lame nou yo ankò.
10 (11) Ou fè nou kouri devan lènmi nou yo. Moun ki pa vle wè nou yo ap piye nou alèz.
11 (12) Ou lage nou tankou mouton y'ap mennen labatwa. Ou gaye nou nan mitan tout lòt peyi yo.
12 (13) Ou vann pèp ou a pou gremesi, ou pa fè okenn benefis sou li.
13 (14) Ou fè nasyon ki bò kote nou yo ap pase nou nan betiz Wi, yo tout ap lonje dwèt sou nou, y'ap pase nou nan rizib.
14 (15) Ou fè tout lòt nasyon yo ap bay istwa sou nou. Kou yo wè nou, y'ap fè siy sou nou.
15 (16-17) Lè m tande moun k'ap joure m yo, moun k'ap vekse m yo, mwen pa ka gade yo nan je. Lè m devan lènmi ak moun ki pa vle wè m yo, lawont fè m bouche figi m.
17 (18) Wi, tout malè sa yo rive nou, men, nou pa janm bliye ou. Nou pat manke anyen nan kontra ou fè avèk nou an.
18 (19) Nou pa janm vire do ba ou, nou pa janm kite chemen ou mete devan nou an.
19 (20) Men ou menm, ki jan ou fè lage nou konsa san sekou nan mitan bèt nan bwa yo? Ou kite nou konsa kote ki fè nwa anpil la.
20 (21) Si nou te bliye rele Bondye nou an, si nou te lapriyè yon lòt bondye,
21 (22) eske Bondye pa ta konn sa, li menm ki konn sekrè ki nan kè tout moun?
22 (23) Men, se poutèt ou tout tan yo sòti pou touye nou. Yo gade nou tankou mouton y'ap pare pou labatwa.
23 (24) Louvri je ou, Senyè. Poukisa w'ap dòmi konsa? Leve non. Pa voye nou jete nèt!
24 (25) Poukisa ou vire do ban nou konsa? Poukisa ou bliye anba ki tray nou ye, jan y'ap peze nou?
25 (26) Nou tonbe san fòs nan pousyè a. Nou kouche sou vant atè plat.
26 (27) Leve non. Vin pote nou sekou! Jan ou renmen nou sa a, vin delivre nou non!
Antretan
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri Gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol