Sòm Chapit 28

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Senyè, se ou menm ki twou wòch kote m kache a, se nan pye ou m'ap rele. Pa fè tankou ou pa tande m. Si ou pa reponn mwen, m'ap tankou yon kadav y'ap antere.

2 Tande m non, lè m'ap rele ou, lè m'ap mande ou sekou. Koute m non, lè mwen leve de bra m nan direksyon kay ki apa pou ou a.

3 Pa mete m nan menm sak ak mechan yo, ak moun k'ap fè sa ki mal, ak moun ki gen bèl pawòl nan bouch yo men ki gen mechanste plen kè yo.

4 Pini yo pou sa yo fè, pou tou sa yo fè ki mal. Pini yo pou tou sa yo fè, ba yo sa yo merite.

5 Yo pa pran ka sa Senyè a te fè, sa l te fè ak men l. Se pou Senyè a detwi yo, se pou l disparèt yo nèt ale.

6 Ann fè lwanj Senyè a. Li tande m lè mwen rele l.

7 Senyè a ap pwoteje m, l'ap pran defans mwen. Mwen mete tout konfyans mwen nan li. Li ede m, kè m kontan. M'ap chante pou m fè lwanj li.

8 Se Senyè a ki tout fòs pèp li a. L'ap defann wa li chwazi a, l'ap delivre l.

9 Senyè, sove pèp ou a non! Beni tout moun pa ou yo! Aji ak yo tankou yon bon gadò. Pran swen yo tout tan tout tan.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis