Sòm Chapit 131

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Senyè, mwen pa gen lògèy nan kè mwen. Mwen pa gade moun avèk awogans. Mwen pa enterese nan bagay ki twò fò pou mwen, nan bagay ki twò difisil pou m konprann.

2 Mwen rete tou dousman, byen trankil tankou yon timoun sevre ki rete byen dousman sou janm manman l. Wi, tankou yon timoun sevre, se konsa mwen rete dousman.

3 Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Senyè a, depi kounyeya ak pou tout tan.

Vèsè Jou a

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Wè vèsè konplè →

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri gratis