Sòm Chapit 146

Haitian Contemporary Version

1 Lwanj pou Senyè a! Wi, kite m fè lwanj Senyè a!

2 M'ap pase tout lavi m ap fè lwanj Senyè a. M'ap chante pou Bondye mwen pandan tout tan m'ap viv.

3 Pa mete konfyans nou nan grannèg, nan moun ki pa ka delivre nou.

4 Kou souf yo koupe, yo tounen pousyè. Lamenm, tou sa yo te gen nan tèt yo disparèt.

5 Ala bon sa bon pou moun ki gen Bondye Jakòb la pou tout sekou l, pou moun ki mete tout espwa l nan Senyè a, Bondye li!

6 Se li menm ki fè syèl la, tè a ak lanmè a, ansanm ak tou sa ki ladan yo. L'ap toujou kenbe pawòl li.

7 Li rann jistis anfavè moun k'ap sibi lenjistis. Li bay tout moun ki grangou manje pou yo manje.

8 Senyè a fè prizonye yo sòti nan prizon. Senyè a fè avèg yo wè ankò. Li bay tout moun ki nan lafliksyon kouray. Senyè a renmen moun ki mache dwat devan li.

9 Senyè a pwoteje etranje k'ap viv nan peyi a. L'ap pran swen vèv yo ak òfelen san papa yo. Men li detounen plan mechan yo gen nan tèt yo.

10 Senyè a ap gouvènen pou tout tan. Nou menm, moun Siyon, Bondye nou an ap gouvènen pou tout tan. Lwanj pou Senyè a!

Vèsè Jou a

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Wè vèsè konplè →

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri gratis