Sòm Chapit 132

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Senyè, pa bliye David. Chonje tout traka li te bay tèt li pou ou.

2 Senyè, chonje sèman li te fè ou, pwomès li te fè ou, ou menm Bondye Jakòb la ki gen fòs, lè l te di:

3 — Mwen p'ap antre nan kay kote m rete a, mwen p'ap moute kouche sou kabann mwen,

4 mwen p'ap bay kò m repo, mwen p'ap fèmen je m,

5 toutotan mwen pa jwenn yon kote pou Senyè a, yon kay pou Bondye Jakòb la ki gen fòs ka rete.

6 Nou te tande Bwat Kontra a te lavil Efrata. Men, nou jwenn li nan jaden Jearim yo.

7 Ann al lakay Senyè a. Ann al devan fòtèy li pou n adore l.

8 Leve non, Senyè, vin kote pou ou pran repo a. Vini non ansanm ak Bwat Kontra ou la ki fè nou wè jan ou gen pouvwa.

9 Se pou prèt yo fè konnen jan ou bay pèp ou a delivrans. Se pou tout pèp ou a rele sitèlman yo kontan.

10 Poutèt pwomès ou te fè David, sèvitè ou la, tanpri, Senyè, pa vire do bay moun ou te chwazi a.

11 Senyè a te fè David, sèvitè li a, yon pwomès, l'ap toujou kenbe pawòl li: Se yonn nan pitit ou yo m'ap mete chita sou fòtèy ou a.

12 Si pitit ou yo kenbe kontra mwen fè ak yo a, si yo kenbe prensip mwen ba yo, pitit pa yo tou va toujou chita son fòtèy ou a.

13 Senyè a te chwazi mòn Siyon, se la li vle bati kay li.

14 Se la mwen chwazi pou m toujou pran repo, se la m'ap rete, paske se sa mwen vle.

15 M'a voye benediksyon sou tou sa li bezwen pou l viv. M'a bay pòv li yo manje plen vant yo.

16 M'a delivre prèt li yo, m'a fè tout pèp Bondye a rele sitèlman yo kontan.

17 Se la m'ap fè yonn nan pitit David yo tounen yon gwo wa. Mwen p'ap kite limyè a sòti nan fanmi moun mwen chwazi a.

18 M'ap fè lènmi l yo wont, kouwòn ki sou tèt li a ap toujou rete byen klere.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis