Sòm Chapit 130
Haitian Contemporary Version
1
(1b) Nan mizè mwen ye a, Senyè, m'ap rele nan pye ou.
2
Senyè, koute m non! Panche zòrèy ou pou ou tande jan m'ap lapriyè nan pye ou.
3
Si ou t'ap make tout zak nou fè, Senyè, ki moun ki ta ka leve tèt devan ou?
4
Men, ou padonnen nou, pou n ka respekte ou.
5
Mwen mete tout espwa m nan Senyè a, mwen mete espwa m nan sa li di.
6
N'ap tann Senyè a, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve, wi, tankou faksyonè k'ap tann solèy leve!
7
Nou menm pèp Izrayèl, mete tout espwa nou nan Senyè a, paske li renmen nou anpil. Li toujou pare pou delivre.
8
Se li menm ki va delivre pèp Izrayèl la anba tout mechanste yo fè yo.
Referans kwa: OpenBible.info · CC BY 4.0
Vèsè Jou a
"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."
— Sòm 119:105
Wè vèsè konplè →Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a
Enskri gratis arrow_forward
English
Espanol
Portugues
Francais
Kreyol