Sòm Chapit 64

Haitian Contemporary Version

1 (2) Bondye, tande non lè m'ap plenn! Pwoteje m kont lènmi m k'ap fè m pè yo.

2 (3) Pwoteje m anba konplo mechan yo, anba gwo bann malveyan sa yo.

3 (4) Lang yo file tankou razwa. Pawòl ki sòti nan bouch yo se pwazon.

4 (5) Yo rete kache, y'ap vize moun ki inonsan an. Yo tire sou li san li pa atann. Yo pa pè fè anyen.

5 (6) Yonn ap ankouraje lòt nan fè sa ki mal. Y'ap rakonte jan yo mete pèlen pou lòt moun. Y'ap plede di: Ki moun k'ap wè nou?

6 (7) Y'ap fè move plan, y'ap veye pou moun pa dekouvri yo. Sa ki nan kè yon moun ak nan lide li se mistè.

7 (8) Men Bondye ap tire flèch li sou yo: Yo rete konsa, yo blese.

8 (9) Se lang yo k'ap bat yo. Tout moun ki wè yo ap pase yo nan betiz.

9 (10) Lè sa a, tout moun pral pè, y'a mache fè konnen sa Bondye fè. Y'a egzaminen tou sa li fè.

10 (11) Tout moun ki mache dwat yo ap kontan tou poutèt sa Senyè a fè. Y'a jwenn pwoteksyon anba zèl li. Tout moun ki viv jan Bondye vle l la va fè lwanj li.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis