Sòm Chapit 98

Haitian Contemporary Version

1 (1b) Chante yon chante tou nèf pou Senyè a, paske li pa manke fè bèl bagay. Pouvwa li avèk fòs ponyèt li se bagay apa, se ak yo li te genyen batay la.

2 Senyè a te fè wè jan l delivre nou. Li te fè nasyon yo konnen jan li fè lèzòm gras.

3 Li te chonje jan li renmen moun Izrayèl yo, jan li toujou kenbe pawòl li gen ak yo. Moun toupatou sou latè te wè jan Bondye nou an ap delivre nou.

4 Nou tout ki rete sou latè, rele pou fè lwanj Senyè a tèlman nou kontan! Rele! Fè fèt! Chante!

5 Chante pou Senyè a avèk gita! Avèk gita, chante kantik!

6 Soufle klewon, kònen lanbi! Rele devan Senyè a sitèlman nou kontan, paske se li ki wa.

7 Se pou lanmè a ansanm ak tou sa k'ap viv ladan l pran fè bri sitèlman yo kontan. Se pou latè a ansanm ak tou sa k'ap viv sou li pran chante.

8 Se pou larivyè yo pran bat men yo. Se pou tout ti mòn yo pran chante ansanm sitèlman yo kontan.

9 Paske, l'ap vini pou l jije tout moun ki sou latè! L'ap jije tout moun san patipri. L'ap jije tout pèp yo dapre sa yo merite.

Antretan

"Pawòl ou a tankou yon lanp k ap klere chemen m, yon limyè k ap klere devan m."

— Sòm 119:105

Sove vèsè ou yo, rantre nan kongregasyon ou a

Enskri Gratis arrow_forward
auto_stories

Kreye yon kont gratis pou sove aksan, mak ak nòt

Enskri Gratis